Bookmanlit

literature for the bicentennial generation

Home

News Headlines

Editorials/Letters

Earthquake Memorial

Haiti Will Survive

Vigil for the Homeless

Myths in Haitian History

Song of the Month

Nanchon Ginen

Lakou Lasyans

Kouraj Man Fanm

Fèt Manman

Green Haiti

Invest in Haiti

Our Voices/Our Stories

Reviews

Bookmankids

Students

Games

Travel

Aquin

Pestel

Health

Haitian Organic Market

Links

FAQs/ About Us

Bookstore

Contact Us

Sou Afè Zonbi a, Twou Manti Pa Fon
Media
Koute Editoryal La
Twou manti pa fon. Istwa k ap sikile sou zonbi Okap lan radyo, lan teledyòl, sou entènèt, lan jounal, istwa sa a pa gen yon may verite ladan.  Istwa a chita sou lejann peyi a ki soti lan esklavaj Franse te met sou pye. Lafrans te enpòte apeprè yon milyon Afriken ann Ayiti pandan 100 ane. Li touye 700,000. Yon kokennchenn krim  konsa pa ta ka fèt pou sa pa ta kite mak sou desandan viktim yo. Se sa nou konnen fanmi nou te pase ki rakonte lan kont moun tire sou zonbi. Bay kou bliye, pote mak sonje. Istwa zonbi a se istwa pote mak ki fidèl a istwa peyi a. Se sa k fè se sou bitasyon zonbi travay. Yo travay la paske se la menm gran grann nou te redi anba makak.

Chaje fay lan istwa k ap sikile sou afè zonbi pran lari Okap. Remake yo prezante Silyan kòm moun tèt-pa-byen. Kwak sa, yo ranmase pawòl anba bouch li pou bon pawòl. Yo di Silyan di se zonbi li ye. Poutèt sa fò n kwè, se vre, zonbi l ye. Yo di n Ti Bòs ki te kenbe Silyan lan esklavaj, mouri, e nou tout konnen mò pa ka defann tèt yo. Tout defamasyon gen dwa tonbe sou do Ti Bòs. Yo akize di gen moun ki te touye Silyan, men Silyan vivan ap koze ak jounalis. 

Vrè viktim koze sa a, se Silyan ak Ti Bòs. Sou foto yo sikile a,  sanble Silyan se yon moun ki ta bezwen swen medikal. Angiz sosyete a chèche ba l sa, moun pito chita ap detounen atansyon sou maladi l pou yo akize li se zonbi. Se sa menm pou yo ta di, paske si n ta vle mennen Silyan lan doktè, se apeprè 5 sikològ ki genyen lan peyi a epi yo tout Pòtoprens. Depi yon moun gen maladi mantal ann Ayiti, ou mèt tann, paske kanmèm fò w jwenn malkonprann ki pou di se zonbi moun nan ye. 
 
Sou pant manti a, yo di gen 1000 zonbi ki te lage lan lakou Ti Bòs. Mezanmi, annou pase men lan je n, pou n wè kote nou ye. Se ann Ayiti wi. Ann Ayiti se lan jaden moun travay, se pa lan bitasyon. Se ki kote sa a ki gen mil moun k ap pwodui danre men tout zòn nan lan grangou? Mezanmi, annou pase men lan je n. 
 
Istwa a gen gou manti. Silyan pa gen siyati. Ti Bòs pote non yon hougan ki parèt lan anpil chante tradisyonèl Ayisyen. Silyan fè 3 an lan esklavaj. Yo di sa paske moun toujou rantre chif 3 lan istwa pou fè l parèt relijye oubyen mistik konsa n a vale l san reflechi. 
 

Fòmil pou Ayiti?

Lan menm istwa k ap sikile sou entènèt la, yo menm arive ofri yon fòmil senp pou devlope Ayiti. Nanpwen okenn bank sou latè, okenn gouvènman sou latè, okenn ekonomis sou latè, okenn konesè sou latè ki okouran fòmil sa a. Fòmil lan di, pou Ayiti devlope nou bezwen mwens Vodou, mwens Kreyòl. Ki ta vle di se lè nou sispann pale Kreyòl antre nou, se lè sa a peyi a va fè pwogrè; se lè n a sispann jete dlo pou ansyen yo, se lè sa peyi a ap ka tire avantaj sou mache entènasyonal la. Kòmkwa, lè sa a n ap jwenn don, n ap jwenn prete san enterè.  

Devlopman se pa travay relijyon. Japonè  ak Chinwa sèvi Dantan yo menm jan Ayisyen sèvi ansyen Ginen yo.  Sa pa anpeche Japon ak Lachin rich.  Se pa manke Kretyen peyi lan Lamerik Santral yo manke Kretyen ki fè yo pòv. Se moun ki fè. Se pa relijyon ki fè. Se pa relijyon Kretyen ki devlope Ewòp. Se lajan ki fèt lan esklavaj ki te vin pèmèt yo envesti lan lasyans ak lan bati izin. Okontrè, Kretyen ann Ewòp te fè tout sa yo kapab pou yo te anpeche lasyans devlope.
 
Kretyen Franse, Angle, Panyòl fè 300 ane ap dirije Ayiti. Pandan tout tan sa a, yo pa bati yon lekòl, yo pran tout sa peyi a pwodui epi yo voye l ann Ewòp.  Annaprè, sou 450,000 Ayisyen yo touye 150,000 mil poutèt yo te vle viv lib. Pi mal toujou, apre nou mèt fen lan esklavaj, Lafrans mande Ayiti goumen oubyen ranmase dènye kras kòb lan peyi a epi pimpe l ba yo an Frans. Ayiti te setoblije voye lajan ba yo. Epi kounye a, pou moun eskive tout sa, pou yo vin di se Vodou ak Kreyòl ki sous mizè peyi a. Di se Vodou, se pa Kretyen Vivan ki malmennen Ayiti, se filozofi nou dwe rele fè m toujou. Di se Kreyòl ki malmennen Ayiti se yon lòt filozofi nou ta dwe rele fè m ankò. 

Tripotay la rive lan rejèt:

Pou fay ki genyen lan istwa zonbi yo di yo wè Okap la, nou ka wè se pa okenn rapò serye.  Avrèdi,  se pawòl k ap vante, oubyen k ap monte pou atake Vodou. Se lan epòk fèt Sodo menm tripotay la lage. Remake, sa pi fasil pou moun atake Vodou pase pou yo atake bonjan pwoblèm peyi a. Atake Vodou fasil devan bati inivèsite, prepare enjenyè, kreye travay. Bonjan devlopman se travay men ak tèt, se pa travay lejè. Se travay toutbon. Se touse ponyèt met brenn atè. Kou moun fin fè sa, yo gen dwa pratike relijyon yo vle.
 
Dyeri Jil
Ivwoz Jil
www.bookmanlit.com

Bookmanlit
P.O. Box 290464
Davie, Florida 33329-0464

E-mail: info@bookmanlit.com