Bookmanlit

literature for the bicentennial generation

Home

News Headlines

Editorials/Letters

Earthquake Memorial

Haiti Will Survive

Vigil for the Homeless

Myths in Haitian History

Song of the Month

Nanchon Ginen

Lakou Lasyans

Kouraj Man Fanm

Fèt Manman

Green Haiti

Invest in Haiti

Our Voices/Our Stories

Reviews

Bookmankids

Students

Games

Travel

Aquin

Pestel

Health

Haitian Organic Market

Links

FAQs/ About Us

Bookstore

Contact Us

 
Kretyen lan Esklavaj ak lan Bwa Kayiman
Klike sou imaj la pou li tèks la ann Anglèl
Bwa Kayiman ede moun toupatou konprann esklavaj pa moral. Alèkile, verite sa a vin tounen yon prensip ki etabli toupatou sou latè.  Nasyon Zini ranmase prensip sa a lan kominike l sou Deklarasyon Inivèsèl Dwa Moun.  Esklavaj kòm yon zak ki pa gen dwa fèt lan lasyosyete se yon konsepsyon nouvo e sa reprezante pi gwo pwogrè moral moun janm fè sou latè depi plizyè mil ane. Se paske anpil moun manke konprann sa, ki fè gen pè ak pastè ki toujou ap betize Boukmann ansanm ak lòt Revolisyonè ki te reyini lan Bwa Kayiman yo.
 
Bonjan verite a, se reyinyon Revolisyonè Ayisyen yo ede limanite fè pwogrè moral e kontribisyon yo lan domèn sa a depase sa okenn lòt moun janm fè lan tan modèn nan.  Jezi, kòm yon moun ki te la sa gen 2000 ane, te di renmen moun tankou ou ta renmen moun renmen w (Matye, chapit 22:vèsè 36-40). Pi devan lan liv la, Matye ajoute Jezi te di mesaj sa a se yon mesaj l ap simaye men se pa yon mesaj nouvo li pote. Depi lontan anvan Jezi te fèt, Platon, ak Bouda, ak Konfiseyis, ansanm ak yon pil lòt filozòf te konn ap bay menm konsèy sa a tou. Se pou sa moun Nago gen yon pwovèb ki di, “anvan ou pike yon zwazo, pike tèt ou pou wè jan sa fè mal.” 

Remake, nanpwen okenn ekriven lan Labib ki janm di Jezi te kritike esklavaj dirèkteman. Sa vin kite defo ki te pèmèt tout Legliz Kretyen ki te la lan epòk esklavaj soutni komès la. An 1510, Las Kazas, premye moun ki vin pè lan Lamerik la, te mande Wa Panyòl Espay pou l fè Afriken rantre Ayiti kòm esklav. Premye debakman Afriken ki te soti dirèkteman lan Ginen pou vin travay kòm esklav sou teritwa Ayiti a  te fèt an 1518 sou demann Pè Las Kazas. Te gen detwa Afriken ki te rantre ann Ayiti anvan sa, men se te Afriken ki tap viv an Pòtigal ak ann Espay e yo te kòmanse rantre sou teritwa a depi 1501.

Lontan, sa te nòmal pou Legliz Kretyen yo fè pwopagann di: moun dwe asepte sitiyasyon yo lan lavi e menm si yon moun esklav, li dwe asepte sa paske se Bondye menm ki bay chak moun wòl yo. Pyè te di sa konsa:  “Esklav suiv lòd mèt ou ak tout respè ak tout onè, ke yo bon mèt, ke yo gen move mès (Pyè, chapit 2: vèsè 18).” Liv Labib chaje ak pawòl ki soutni esklavaj. Men yon lòt: “Esklav, obeyi mèt ou sou latè ak anpil respè epi fòk ou genyen yo lakrentif. Sèvi yo ak menm respè ou ta bay Jezi (Efezyen, chapit 6: vèsè 5)”. Labib gen mòd pawòl sa yo paske lan epòk ekriven yo tap ekri, tankou anpil lòt moun atravè latè, yo tout te kwè esklavaj se te yon bagay nòmal epi pa ta ka gen lavi san sa.

Plizyè pè sou zile a te sèvi ak Labib pou montre se volonte Bondye pou Eritye Ginen sèvi kòm tyoul lòt pèp. Pa egzanp, an 1778 konsa, Pè Fok ankouraje yon gwoup moun tounen lan esklavaj apre yo te fin mawon.  Pè a deklare si yo pa tounen, Bondye p ap padone yo sa. Men kijan Pè Fok te di sa: “Gad jan sa ta tris pou nou, pou lè nou fin sèvi moun lan lemonn kòm esklav, pou  n al sèvi dyab kòm esklav avi lan lanfè.  Se malè sa a menm ki pandye sou tèt nou, si nou pa tounen lan travay kòm sa dwa... (Jan Foucha, 1981)".
 
Lan menm epòk la, yon lòt pè, Pè Koutans,  te rekòmande leta pou jij yo li tèks sa a lè y ap kondane moun ki te sove kòm mawon. "Vye tyoul san lafwa, dèske ou te vag sèvis ou dwe mèt ou, ou te vag obeyi Bondye, ou te vag obeyi Legliz sakre a jis pou te ka suiv peche lan kè w ki vin fè w pèdi  lan lavi epi ou pèdi chemen paradi, ak pouvwa sakre nou genyen, nou kondane w, e n ap mete w an pinisyon pandan… (kantite tan), n ap avèti w sa, si w gen malè pou pa montre ou repanti, w ap konfòme w, ebyen Kretyen toupatou ap rejte w, ou pap gen dwa rantre Legliz epi okenn pè pap gen dwa chante antèman w, epi pesonn pap janm konnen lan ki twou ou antere (Jan Foucha, 1981).”

Lè pèp Ayisyen te goumen kont moun ki vle toumante yo avi, Legliz Kretyen yo te akize di lidè lan Bwa Kayiman yo t ap sèvi dyab paske yo revolte kont volonte Bondye. Jamè, pè sa yo pat oze fè akizasyon konsa kont Revolisyonè Ameriken yo ki te revolte kont Angletè ki t ap dirije yo.  Sa klè, kritik pè ak pastè kont Revolisyonè Ayisyen yo se pawòl ki flate kan ki te pou esklavaj la e sa te byen chita lan pwòp avantaj Legliz Kretyen yo tou. Lè w konsidere kantite moun ki tap travay lan presbitè kòm esklav, nanpwen okenn enstitisyon ki te gen plis moun kòm esklav pase Legliz Kretyen yo.  Apre Revolisyon Ayisyen an, Legliz Kretyen yo retire tout pè lan peyi a pou montre yo pa soutni endepandans peyi a. Pou jis kounye, anpil pè ak pastè kontinye fè pwopagann ak vye pawòl yo ranmase anba bouch ansyen kolon pou yo atake Eritaj Ginen ann Ayiti.

Sipò Legliz Katolik te bay esklavaj se bagay kite soti wo lan administrasyon Legliz la. Se pap yo menm ki te soutni sa. An 1629, Pap Iban VIII achte pwòp esklav pa l. An 1645, Pap Inosan X epi an 1661, Pap Aleksann te achte moun pou sèvi yo esklav tou.  Pandan plizyè syèk Kretyen bay tèt yo manti ki te fè yo pwomennen di esklavaj se yon zouti nesesè pou fè moun konvèti. Tout sa se te pawòl met la. Vrèman vre, sa manm sa yo tap defann toutbon se avantaj yo te jwenn lan gen moun kap travay pou yo gratis. Se pou sa, lè w byen gade, kit yon Afriken te Kretyen, kit li pat Kretyen, depi l te tonbe lan Lamerik la, li anba chenn pou l sèvi kolon yo kòm esklav. Kwak anpil moun Kongo te deja Kretyen, sa pat anpeche kolon fè Kretyen Kongo ann Ayiti sèvi esklav. Pa egzanp, o Zetazini, lan Vijinya, apre pifò Eritye Ginen te fin batize Kretyen, leta deklare batize yon moun batize Kretyen pa anpeche moun nan sèvi kòm esklav (religioustolerance.org).
        
Kwak ofisyèlman Legliz Kretyen yo te soutni esklavaj, men tankou lan Vodou, Legliz la se moun ki ladann. Lè opinyon pifò moun chanje, opinyon Legliz la chanje tou. Alèkile, pifò Kretyen wè esklavaj kòm mechanste ki depaman ak manman prensip Legliz la. Ann Ayiti, Afriken tout kwayans te goumen kont esklavaj. Byen souvan yo te jwenn sipò kèlke Kretyen Ewopeyen ki te vag move doktrin pwòp Legliz pa yo t ap preche.  Yon Pè Katolik t al wè yon fi lan prizon apre otorite Franse te arete l pou patisipe li te patisipe lan reyinyon Bwa Kayiman yo. Pè a te ankouraje fi a chwazi mouri anba maltretman pase l denonse lòt lidè yo. Pè a di l pito l ranmase kouraj li, mouri lan prizon, pase l trayi, epi se Bondye menm k al pini l pou sa lan lanfè (Gegis). Yon lòt pè te sèvi Jan Franswa, yon lidè Revolisyon an, kòm konseye. Te gen anpil Kretyen ki te pito suiv konsyans yo pase yo mache dèyè pawòl Legliz.
 
Sa pa janm twò ta pou yon òganizasyon korije erè li te fè. Legliz Kretyen yo bezwen mande padon pou wòl yo lan esklavaj paske mechanste sa a kite move mak lan peyi a. Yon bon pati mizè Ayisyen soti dirèkteman lan esklavaj.  Se sèl Legliz Episkopal ak Legliz Moravyen ki deja mande padon pou wòl yo lan esklavaj (Jounal Nouvèl Amstèdam Lan Nouyòk, 13 Jiyè 2006).  Pap Jan Pòl II te mande padon pou tout sa Legliz Katolik la te fè ki pat bon, men misye pa di si esklavaj te youn nan bagay ki pat bon yo. Avrèdi, Pap la jennen pou l mande padon klè. Pye l mare paske fòk Legliz Katolik pwoteje prensip Legliz la ki di lè yon nonm Pap, li pa ka fè erè. Legliz la rele prensip sa a Enfabilite Pap.

Li lè, li tan pou Legliz Kretyen yo debarase yo de tach patisipasyon yo lan komès moun kòm esklav la. Vrè dyab pou yo kritike se pwòp patisipasyon yo lan yon komès sal. Alèkile, kwak tout sa ki te pase nan tan lontan, si jodi a, yon Kretyen vle kwè esklavaj te anjelik, epi Bwa Kayiman te dyabolik, dyòb pa l. Nou menm eritye Revolisyon an, nou konn twò byen sa Ansyen yo fè pou nou.  Kòm sitwayen planèt la, n ap kole zepòl ak moun toupatou, kit yo Kretyen, kit yo pa Kretyen. N ap fè sa pou nou remèsye lidè lan Bwa Kayiman yo ansanm ak moun lòt kwayans ki te batay pou jodi a moun toupatou sou latè ka viv lan yon kondisyon ki pi moral. Fi ak gason ki te rasanble lan Bwa Kayiman merite respè  paske yo te batay pou esklavaj kaba, epi yo reyisi.


Bookmanlit
P.O. Box 290464
Davie, Florida 33329-0464

E-mail: info@bookmanlit.com