|
Menm jan ak lòt zile lan Karayib la, tanzantan Ayiti sibi tranblemanntè. Lakòz, se Lamerik Di Nò chita sou yon teren, epi zòn kote Ayiti ye a, Karayib la, chita sou yon lòt teren. De teren yo pa kanpe anplas. Lan glise tou dousman sou sifas latè a, youn frape ak lòt. Kolizyon sa a kreye fay lan wòch ki fon anba tè a. Kote wòch yo fele a kon deplase. Lè kon sa, tè ki anwo sou wòch yo tranble. Gen twa gwo fay fon anba tè peyi d Ayiti. Se pou sa Ayiti siseptib gen tranblemanntè. Kon sa tou, o Zetazini, zòn Kalifòni an chita sou yon fay tou. Se pou sa tanzantan Kalifòni gen tranblemanntè.
Gwo fay lan zòn nò Ayiti a pase Okap epi li pase zile Latòti apre sa li kontinye anba dlo pou l fini jis lan peyi Kiba. Moun ki etidye sa rele fay sa a Fay Septantriyonal-Oryan. Gwo Fay lan sid Ayiti a rele Fay Jaden Bannan-Anri. Twazyèm gwo fay la pase lan Plato Santral epi li janbe Gonayiv pou l monte lan nò. Se paske plato Karayib la ak plato Lamerik Di Nò a toujou ap fè mouvman ki fè kote ki fele yo pa estab epi sa sitire tranblemanntè. Kounye a, annou gad istwa peyi a pou n wè dega tranblemanntè abitye fè.
Tranblemanntè sou fay zòn nò a
Premye tranblemanntè ki anrejistre ann Ayiti, se youn ki te fèt an 1564 sou fay nò a. Tranblemanntè sa a detwi ni lavil Sanntyago, ni lavil Vega lan bò lès zile a, kwak gen 30 kilomèt distans ant 2 vil sa yo. Yon lòt tranblemanntè kraze pi gwo legliz lan Sanntyago an 1783. Annaprè, 25 ti tranblemanntè boulvèse Fò Libète, ak Ti Anz, ak Okap lan lane 1783 pou rive 1786.
Pi gwo tranblemanntè ki frape zòn nò a se sa ki te fèt Samdi 7 me 1842 a 5:30 lan apre midi. Li te dire mwens pase yon minit. Men pou dega sa fè, w a di se yon tranblemanntè ki poko ka fini. Moun Samana, lan bò lès zile a rive jis Mòl Sen Nikola sou bò lwès la te santi l. Kwak tranblemanntè 1842 a detwi Sanntyago, Pòdepè, Fò Libète, Mòl Sen Nikola, se Okap ki te soufri plis dega. Nanpwen yon kay Pòdepè ki te ret kanpe. Mezi kanal ki te konn pot dlo lan Mòl Sen Nikola, tout kraze. Tranblemanntè a ravaje Palè San Sousi. Sitadèl la fele men li ret kanpe dyanm, pou l montre jan l byen bati. Toupatou lan zòn nan, pousyè leve pou l toufe moun. Yon pil wout kraze. Nouvo sous dlo pete. Lan 10,000 moun ki tap viv Okap yo, 5000 pèdi lavi yo. Gen anplwaye leta ak manm lame ki mouri. Gen lòt ki te sètoblije abandone pòs yo poutèt yo pat ka al lan travay. Gwo tranblemanntè sa a bay yon pil ti sekous ki vin fini jis 28 Jyen 1842. Pi mal toujou, pandan tout deblozay sa a, Ameriken kofre Ayiti ak yon anbago, epi Lafrans pat sispann egzije Ayiti kale l lajan pou tèt Ayisyen te refize travay kòm esklav pou li.
Moun lan zòn nò a te vin rele tranblemanntè sa a Levenman. Lè y ap pale, yo te konn di yo fèt sou Levenman oubyen yo fèt apre Levenman. Dega natirèl tranblemanntè sa a fè se youn. Konsekans politik li se yon lòt. Rebèl Pikè leve lan Sid epi rebèl panyòl leve lan lès. Sa sakaje gouvènman Bwaye a. An 1844, 2 an pa pase, epi Dominikani pran endepandans. Levenman kraze peyi a epi li fann zile a an de.
Venntwa Septanm 1887 a 6:55 lan maten yon lòt tranblemanntè frape zòn nò a epi sa mete prèske tout kay Mòl Sen Nikola atè. Moun toupatou lan peyi a te santi sekous la. A 6:30 lan maten 29 Septanm, 1897 yon lòt tranblemanntè frape zòn nò a ankò.
Tranblemanntè swa sou Fay Plato Santral-Gonayiv la oswa sou Fay Sid la.
Premye tranblemanntè ki anrejistre sou Fay Plato Santral-Gonayiv la te fèt an 1673. Te vin gen yon lòt an 1684. An 1691, yon lòt tranblemanntè frape zòn Plato Santral la epi li detwi lavil Azwa sou bò lès zile a. Yon pi gwo tranblemanntè frape zòn plato santral la 9 Novanm 1701. Kay ki te fèt an blòk jis Leyogan tonbe. Wout Leyogan-Ti Gwav tonbe lan lanmè. Te vin gen lòt tranblemanntè lan zòn nan toujou lan lane 1713, ak 1734, ak 1751. Tranblemanntè 1751 an fèt 18 Oktòb a 2:00 apre midi. Ni moun Kwadèboukè ni moun Pòtoprens te santi l.
Kanta pou fay sid la, sa tèlman aktiv, li ka arive detache sid la ak rès peyi a nèt. Se pa tap premye fwa bagay kon sa fèt. Sa gen plizyè milyon ane depi tranblemanntè dekole Kiba ak Ayiti. Letan Somat ak letan Anri, tou de chita sou yon bafon ki sou yon pati lan fay sid la. Yon jou, de letan sa yo ap fè yon sèl ak lanmè Karayib la. Kwadèboukè chita lan bafon sa a tou. Se pou sa Kwadèboukè pi ba pase nivo lanmè.
Ann Oktòb 1751, yon gwo tranblemanntè sakaje Pòtoprens. Twaka kay Pòtoprens te fèt an blòk. Pifò vide atè. Apre sa leta deklare kay blòk pa gen dwa bati Pòtoprens, se sèl kay bwa ki pou bati. Jou vini, jou ale, leta bliye sa l te di. Twa Jyen, 1770 yon lòt tranblemanntè si tèlman kraze Pòtoprens, li vin pote non Tranblemantè Pòtoprens. Gen rapò ki di tè a te ouvè mil diferan kote. Dènye kay Ti Gwav, dènye kay Miragwan, tout kraze. Sa pa ret la, 8 avril 1860, yon lòt tranblemanntè frape Pòtoprens ankò. Popilasyon an pran lari paske moun pat ka fè kay konfyans poutèt yon pil sekous ki te kontinye fèt. Pandan 4 jou, Pòtoprens souke ant 20 a 30 fwa. An 1946, yon tranblemanntè fòs 8 te frape Dominikani. Moun jis Pòtoprens santi l. Kwak Pòtoprens pase pa l anba tranblemanntè, moun ki viv la kontinye bati kay blòk.
Pandan dènye 50 lane ki sot pase yo, Pòtoprens grandi pou l vin tounen yon vil ki gen 2 milyon a 3 milyon moun. Bonkou abite lan kay blòk. Tranblemanntè 12 Janvye 2010 la vide anpil kay sa yo rapyetè, fè anpil Ayisyen mouri mal. Se jan tè Ayiti a fèt menm ki fè peyi a siseptib gen tranblemanntè. Lan touse ponyèt pou n rebati Pòtoprens, fòk nou pa bliye sa peyi sa a pase deja. Nou kapab diminye valè dega tranblemanntè fè si nou bati kay ki fèt pou teren kote n abite a ak si nou pi byen pare pou n soulaje popilasyon an jou malè.
Sous enfòmasyon:
1. Scherer, J. (1912). "Great Earthquakes in the Island of Haiti". Bulletin of the Seismological Society of America 2: 174–179
2. M. Pubellier, J.M. Vila, D. Boison. North Caribbean neotectonic events: The Trans-Haitian fault system. Tertiary record of an oblique transcurrent shear zone uplifted in Hispaniola. Tectonophysics 194 (1991) 217-236
3. ABC News article by Ned Porter on 1/10/ 2010
|