Rantre Pèp Ginen an rantre Ayiti pa fè yo bliye ansyen ewo yo. Afriken ann Ayiti te konn rakonte istwa sou moun ki te enpòtan pou yo lè yo tap viv lakay yo, lan Ginen. Ann Ayiti, moun Nanchon Nago vin kontre ak moun ki soti lan Wayom Kongo. Chak pèp yo vin aprann istwa lòt. Chante Kili Kili a se yon chante ki ede moun konprann kijan Toni Malo lan Wayom Kongo te aji menm jan ak Oya Yanmsonn lan Wayom Nago. Tou de se fi ki te batay pou defann peyi yo.
Se pou jan Oya Yanmsonn te konn mennen batay ki fè chante a rele l Ogou Yanmsonn. Yanmsonn se yon fi lagè, yon militè tankou Ogou. Met sou sa, menm jan ak Ogou, li se moun Nago. Nou gen dwa pwononse Oya Yanmsonn kòm Oya Yansan. Yansan se mo Nago pou nimewo 9. Oya Yanmsonn (Yansan) vle di manman 9 pitit. Apre lanmò l, moun vin konsidere l kòm Lwa ki patwon Larivyè Nijè ann Afrik. Li te marye ak Shango, yon ansyen wa ki te dirije Wayom Nago Oyo a pandan 12zyèm syèk la. Shango ak Ogou se de frè. Se paske Oya se fanmi Ogou menm kifè ann Ayiti nou konsidere l konm yon Lwa ki fanmi Ogou. Se pou sa tou li pote non Ogou Yanmsonn. Moun Nago wè Oya Yanmsonn kòm Lwa ki patwon chanjman. Se li ki lan kafou lavi ak lanmò. Li gen kontwòl sou chanjman ki mennen lapè apre lagè.
Kanta pou Toni Malo, li se yon fi ki te batay pou l rebati Wayom Kongo apre lagè Bwila an 1665 kote Pòtigè yo te arive detui Wayom nan. Apre lagè Bwila, Wayom Kongo kraze an miyèt moso epi chak pati vin sanse endepandan. Toni malo te eseye inifye diferan seksyon yo menm jan sa te ye lontan anvan lagè a. Li te batay pou chanjman ki te pou remet Kongo kanpe. Toni te batay pou l bay Kongo lavi. Se pou sa chante a wè l kòm menm kalite moun ak Oya Yanmson.
Se abitid Sèvitè met mo Nago lan chante ki onore moun Nago. Kòm chante sa a site non Oya Yanmsonn, yon moun Nanchon Nago, chante a sèvi ak pawòl Nago " Kili Kili " pou montre respè pou lang Oya Yanmsonn te konn pale lè li te vivan sou latè. Kili se mo Nago ki vle di kiyès. Men, pou montre respè pou Toni Malo, yon moun Nanchon Kongo, chante a jwe sou rit Kongo. Jwe chante a jwe sou rit Kongo a fè chante a klase kòm yon chante Petwo.
Byen-fè pa toujou jwenn bon rekonpans. An Jiyè 1706, detwa pè Katolik mare konplo fè boule Toni Malo tou vivan poutèt li te kont mannigans Kretyen Pòtigè lan Kongo. Lè Toni Malo te konn pale an piblik, dènye mo li te toujou di se Santa Maria Gracia. Apre lanmò Toni Malo, kèlke fanatik li di yo te wè l parèt sou tèt yon pyebwa. Lan Kongo se sou tèt pyebwa espri te konn parèt pou fè mirak. Abitid Kongo pa pèdi. Se pou sa lan mwa Jiyè 1849, moun ann Ayiti di yo wè Mari, manman Jezi, parèt sou tèt yon pye palmis bò Sodo.
Nou chwazi rakonte istwa Toni Malo lan mwad Jiyè paske se mwa fèt Sodo. Fèt Sodo kòmanse ann Ayiti apre tranblenmantè 1842 a. Tranblemanntè sa a paralize gouvènman Ayiti a jis rebèl arive rache bò lès peyi a epi Zile Ayiti vin fann an de peyi. Kifè la a, Tranblemanntè 1842 fann Ayiti menm jan Lagè Bwila te fann Wayom Kongo. La a menm, sa pa dwe etone n pou n remake apre peyi n fi n kase an de, mirak fèt menm jan sa te fèt lan Kongo. Mari, manman Jezi, parèt soukonn Toni Malo, sou tèt yon pyebwa. Kili Kili Malo...
|