Erè lan triye egzanplè kreye mal-konprann ki mennen akizasyon Viris-Sida-
Fòm-B soti Ayiti pou l gaye toupatou
Repons Bookmanlit sou atik: Gilbert M-T-P, Rambaut A, Wlasiuk G, Spira T-J, Pitchenik A-E, Worobey M (2007) The emergence of HIV/AIDS in the Americas and beyond. Proc. Natl. Acad. Sci USA
Atik sa a ajoute, tou piti, sou repons nou te voye bay Editè jounal Proceedings of the National Academy of Science pou montre fay ki genyen lan etid yo pibliye ki swadizan trase orijin yon kalite viris sida, kòmkwa se Ayiti li ta soti.
Erè lan jan Jilbè ak asosye l yo triye egzanplè anpeche nou konnen kote Viris-Sida-Fòm-B soti. Ekriven yo konpare 5 egzanplè Viris-Sida-1-Fòm-B yo pran lan 5 Ayisyen ak 117 lòt egzanplè lan moun yo sipoze ki pat Ayisyen1. Moun sa yo te abite lan 19 lòt peyi. Ekriven yo pa remake paske yon tès fèt lan yon peyi pa di se sou sitwayen peyi a li fèt. Lan suiv konsèy ki te bay lan kòmansman maladi a ki te fè konprann se sitou Ayisyen menm ki gen sida2, gen gouvènman ki te teste imigran Ayisyen ak sitwayen yo ki te vizite Ayiti3. Konfonn peyi pou nasyonalite kreye erè ki minimize varyete lan konpozisyon viris la. Erè sa a lage ekriven yo sou move pant, fè yo kouri al mal-anonse se Ayiti ki sous epidemi mondyal Viris-Sida-1-Fòm-B.
Se lan zòn kote yon viris miltipliye anpil ki gen anpil varyete viris la. Atout gen anpil varyete sida ann Ayiti pa di pou otan se la viris la soti. Kou Viris-Sida-1-Fòm-B rantre Ayiti, li epapiye rapid paske li jwenn yon popilasyon ki siseptib pran maladi a. An jeneral, popilasyon Ayisyen an pa gen pwoteksyon mitasyon CCR5, yon jèn ki konn anpeche moun pran sida. Menm si yon moun ki gen mitasyon an ta arive pran maladi a, mitasyon an ralanti efè viris la4. Ekriven yo mize sou yon modèl revèy pou yo kalkile dat viris sida rantre ni Ayiti, ni o Zetazini. Yo fè sa san rekonèt revèy konsa mache sou diferan rit selon sou ki pèp maladi a tonbe. Kòm ann Ayiti pousantaj moun ki gen mwens pase 21 ane pi plis pase o Zetazini, 2 popilasyon yo pa aktif lan sèks menm jan. Kifè jèm sida a siseptib gaye pi vit ann Ayiti, san sa pa gen anyen arevwa ak depi ki lè viris la lan peyi a.
Konpran kijan Viris-Sida-1-Fòm-B arive gaye toupatou enpòtan pou n bare lòt epidemi mondyal. Men sa pa vle di, jan ekriven yo ta vle fè n konprann nan, enfòmasyon sa a gen okenn enpòtans lan devlope vaksen. Pou fè vaksen, nou bezwen konnen kijan maladi aji sou kò moun etan n ap suiv kijan fòm antijèn viris la ap chanje. Konsa, n ap ka fè vaksen ki koresponn ak bezwen diferan popilasyon.
Se pou tout rezon sa yo nou rejte deklarasyon ekriven yo1 kòmkwa Viris-Sida-1-Fòm-B pase Ayiti pou l rantre o Zetazini anvan l al simaye toupatou. Nonplis, enfòmasyon sa a pa nesesè pou n fè vaksen, ni pou n fè okenn lòt tretman.
1Gilbert M-T-P, Rambaut A, Wlasiuk G, Spira T-J, Pitchenik A-E, Worobey M (2007) The emergence of HIV/AIDS in the Americas and beyond. Proc. Natl. Acad. Sci USA
2Pitchenik A-E, Fishl M-A, Dickinson G-M, Becker D-M, Fournier A-M, O’Connell M-T, Colton R-M, Spira T-J (1983) Opportunistic infections and Kaposi's sarcoma among Haitians: evidence of a new acquired immunodeficiency state. Ann Intern Med. 98(3):277-84.
3George J-A, (1993) Detention of HIV-Positive Haitians at Guantanamo-Human Rights and Medical Care. N Engl J Med. 329 (8):589-592
4Kahn, J-O, Walker G-D (1998) Acute Human Immunodeficiency Virus Type 1 Infection. N Engl J Med. 339 (1):33-39
Jis pou konnen: Editè Prodeedings of the National Academy of Science pat asepte pibliye repons nou an. Editè a te deklare devan popilasyon Ayisyen an, valè kantite Ameriken ki gen mitasyon CCR5 pa kont pou fè sida pran pye plis ann Ayiti pase o Zetazini. Nou pa dakò ak Editè a. Men tou, nou te manke ajoute lan tèks la, popilasyon Ayisyen jèn devan popilasyon Ameriken an, ki gen yon pi gwo pousantaj moun ki vye granmoun. Sa sèlman kont pou fè sida pran pye plis ann Ayiti pase o Zetazini san sa pa gen anyen pou l wè ak ki kote maladi a te pran pye anvan. Alepòk nou te ekri jounal la, nou tout ekriven yo, nou te travay pou Inivèsite Miyami.
|