Otorite peyi d Ayiti, tanpri pa tounen ak lame a. Tanpri, pa fè sa pandan pitit nou ap mouri grangou, pandan kolera ap ravaje n, pandan mizè ap devore n. Pa met kaskèt kaki FADH sou moun ankò. Menm lè nou ta ba l yon lòt non, nou pap ka chanje metye l. Bezwen nou twòp, lajan n piti. Tanpri, pa kase kès leta pou depanse l lan achte inifòm ak zam lè moun ap mouri grangou.
Otorite peyi m, nou pa janm peye zak malonèt nou. Pou twò lontan nou abandone bezwen peyi a pou n anrichi tèt nou. Annou jije rezon. Prezidan an fè chèlbè di li posede 600 kostim. Li gen rad agogo pandan timoun nou yo ap mache nan lari toutouni, vant anfle ak vè. Dekiprevyen pou leta ap lonje 100,000 dola Ameriken chak ane bay chak senatè pandan sena a pa ka menm arive etabli 5 dola pa jou kòm salè minimòm. Kouman yon depite ka rakonte istwa sou kouman li vin gen bèl machin, lajan, enfliyans , pandan majorite moun lan peyi a ap deperi lan mizè? Leta pa chwal papa. Jije rezon.
Ayiti se tè glise. Yon lame ka kore pouvwa w, men konsa tou li ka kouri avè w. Sèl mwayen pou n jwenn bonjan sekirite se lè nou sispann wè moun anba tant, anba katon, sou kote chato chèf bati ak lajan leta ki devide lakay yo. Nanpwen anyen yon lame pral regle pou nou. Pa vin ban nou manti, ap vin di nou se lame ki te fonde peyi a. Se pa tout verite a. Se manman, se papa, se pitit ki te mete kran sou yo. Yo batay ni ak zam, ni san zam pou yo te mete yon gouvènman san vègoy deyò. Plis pase 150,000 moun te mouri pou sa. Endepandans Ayiti se pa gras lame. Se gras pèp Ayisyen.
Jodi a, mizè menase lavi n. Se pa monte yon lame pou pwoteje pouvwa w kap vin sove n. Pa sakrifye lavni pitit nou, pou nou achte ti zam ki pa p menm ka pwoteje nou kont okenn menas etranje. Pa vin di nou fwa sa a, l ap diferan; lame pap toupizi n. Si vrèman otorite Ayiti yo te konn kijan pou yo bati yon lame ki respekte pèp, se pa etranje yo ta rele pou mande fè lame pou nou. Sa pa fè okenn sans pou se peyi etranje k ap bay lajan, antrennman, konsèy sou kijan pou lame ann Ayiti fonksyone. Avrèdi, lame sa a ap konnen pou l respekte patwon l, e se pèp Ayisyen sèl kap soufri anba men l.
Nanpwen okenn peyi jodi a ki menase Ayiti. Peyi Repiblik Dominikèn pa lènmi nou e leta Ayiti byen konn sa. Se pou sa menm, Prezidan an fè yo konfyans ase pou se lan men yo li toujou ap lwe avyon. Menm jan avè n, Dominikani se yon peyi ki soufri anba gouvènman dechennen. Sa pa gen twò lontan depi lame d Ayiti mete ansanm ak lame Dominikani pou asire Ayisyen al koupe kann Dominikani. Sa pa gen twò lontan depi Lame d Ayiti chita gade pandan lame Dominikani koupe tèt moun yo akize Ayisyen. Jodi a, nou bezwen moun ki pou veye fontyè a, men sa pa vle di pou n aliye militè sou fontyè pou sa ta sanble yon menas pou vwazen n. Neglijans ak koripsyon leta Ayisyen reprezante yon pi gwo menas pou nou pase Dominikani.
Otorite peyi d Ayiti, sonje atout dènye lame nou te genyen an te manke zam, li te arive depanse apeprè mwatye bidjè peyi a. Sa te vin fè nou manke plis lajan toujou pou depanse lan devlopman. Jodi a nou bezwen tout kòb ki lan kès leta pou n sove peyi a. Nou bezwen doktè, enfimyè, lapolis, pwofesè, agwonòm, kiltivatè, enjenyè… Li lè, li tan pou lidè n yo sispann pretann se lame k ap vin fè tout travay sa yo. Detwa mil moun lan lame pap rezoud pwoblèm chomaj yon peyi 10 milyon moun. Epitou, kote leta ap ka peye lame sa a regilyèman. Mande ansyen jandam yo, y a di n. Otorite d Ayiti, mizè nou mande pou byen depanse lajan leta. Depanse l lan bati enfrastrikti ki pou mete peyi a sou wout devlopman. Tanpri pa tounen ak lame kraze zo, ki pap gen lòt wòl pase vale lajan leta pandan l ap vyole dwa moun.