Pibliye madi 21 Desanm 2010 lan Altè
Près (Alter Presse)
Rikado Setenfis, gen 62 an, li se
yon Brezilyen ki diplome lan Sant Gran Etid Entènasyonal lan Jenèv. Depi 2008,
se li ki reprezante(OEA) Òganizasyon Peyi Amerik Yo ann
Ayiti. Misye fè yon kokennchen bilan kont prezans entènsyonal la ann Ayiti.
Gen 10,000 kaskèt ble ann Ayiti. Dapre wou, èske yo manke bay bon rannman…?
- Sistèm
Nasyon Zini genyen pou l anpeche hing hang, se pa yon sistèm ki chita lan
reyalite peyi a. Ayiti pa yon menas entènasyonal. Pa gen lagè sivil lan peyi a.
Ayiti pa ni Irak ni Afganistan. Kwak sa,
pou manke Konsèy Sekirite a manke altènativ, li pote Kaskèt Ble yo depi 2004,
depi lè Prezidan Aristid ale a. Depi 1990, sa fè Nasyon Zini 8tyèm misyon l.
Depi lè Divalye fin ale an 1986 la, mwen rele sa Ayiti ap pase a yon batay anba
anba. Se yon batay kote diferan aktè
politik ap goumen pou pouvwa e yo youn pa respekte jwèt demokrasi a. Men, pou
mwen, sanble sou teren entènasyonal la, Ayiti ap peye pou twò pre li twò pre
Etazini. Sistèm entènasyonal la pat janm konsidere Ayiti an byen. Kifè, mezi sa
Nasyon Zini bezwen regle se kenbe pouvwa ki deja la a epi fè Ayisyen tounen
prizonye sou pwòp zile yo a. Pwoblèm kanntè a konte anpil lan desizyon entènasyonal
la pran sou kesyon Ayiti a. Mal kou sa mal, yo vle Ayisyen ret la, lakay yo.
– Ki sa ki anpeche Ayiti mache nòmal?
– Pandan 200 ane, peyi a fè alevini
ant fòs etranje ak fòs diktatè. Tout relasyon Ayiti ak entènasyonal la chita sou
fòs, sa pa janm chita sou dyalòg. Peche Ayiti devan entènasyonal la, se libète
li te pran an. Jan Ayiti derape a pat aseptab: sa te met lemonn mal alèz. Zòn
Oksidantal la (Ewòp Lwès) se yon zòn ki
sitire kolonizatè, esklavajis, rasis, e se piye tè yo anvayi ki tout baz richès
yo. Kifè, Revolisyon Ayiti a te fè tout gwo puisans yo pè. Se jis an 1865, Etazini rekonèt endepandans Ayiti a. Lafrans li menm, li ekzije yo peye l, pou yo
achte endepandans lan. Se depi lè peyi a derape, devlopman l bloke, peyi a
antrave. Entènasyonal la pat janm konnen
ki jan pou l trete Ayiti, finalman, li ba l vag. Ayiti fè 200 ane izole sou teren entènasyonal
la. Jodi a, se je fèmen Nasyon Zini ap aplike chapit 7 lan regleman l yo, li depoze
solda l pou l fòse yon misyon. Se pa anyen
k ap regle, sitiyasyon an ap dejenere. Yo vle fè Ayiti tounen yon peyi
kapitalis ki pou fè byen pou voye vann o Zetazini, sa ridikil. Fòk Ayiti rete
sa l ye a, yon peyi ki chita sou agrikilti, yon bagay ki rantre lan tout mès
peyi a. Se san rete yo toujou ap pale de peyi a kòm yon kote ki chaje vyolans. Menm san yon leta toutbon, valè vyolans ann
Ayiti pa rive lan nivo lòt peyi lan Lamerik Latin nan. Gen bagay lan sosyete
Ayiti a ki anpeche vyolans gaye.
– ‘‘Èske nou pa ta dwe bay legen
paske Ayiti pa gen yon pa l ap fè, sèl sa m wè pou li se kole pou l ta kole sere lan eritaj tradisyonèl li?
– Gen yon pati lan Ayiti ki modèn, e
ki fikse l sou lavi moun lan peyi etranje. Gen 4 milyon Ayisyen konsa ki pa
abite anndan fontyè peyi a. Ayiti gen kontak ak moun toupatou. Mwen pa lan rèv pou m ta anvizaje peyi a
tounen lan 16zyèm syèk pou l chita sou travay tè sèlman. Twouve se sou enfliyans entènasyonal Ayiti
ap viv, se sou ONG, se sou charite tout moun. Plis pase 90% sistèm edikasyon an
lan men prive e se menm afè pou lasante. Leta pa met lajan apa pou fè okenn
bagay piblik rale, alewè pou l ta fè l
mache. Nasyon Zini pa okipe l de tradisyon lokal. Kifè la a, gen yon misyon ki
pa leve defi pwoblèm ekonomi ki menase peyi a toutbon. Se yon pwoblèm sosyal ak yon pwoblèm lajan. Lè
80% moun pap travay, ou pa ka met solda pou fè sitiyasyon an estab. Nanpwen fè
estab, se bati ase ou gen pou bati.
– Ayiti se youn nan peyi ki pi konte
sou èd, e kwak sa pandan dènye 25 ane ki sot pase yo, jou an jou, sitiyasyon
peyi a pi mal. Sa k fè sa?
– Lan ka dijans, pot konkou se bon
èd. Men lè ede tounen abitid toulèjou, lè èd ranplase dènye travay leta ta dwe
ap fè, nou vin tonbe lan yon sitiyasyon kote pesonn pa reskonsab anyen. Si yon
moun vle gad defo èd entènasyonal la, ebyen se voye je sou Ayiti. Ayiti tounen Mèk, yon kafou kote tout moun vin
rasanble. Tranblemann tè 12 Janvye a ansanm ak epidemi kolera a mete fenomèn sa
a klè. Se chak jou, kominote entènasyonal la ap refè sa li te fin fè lavèy.
Kounye a, yo fatige jis yo bouke ak Ayiti. Ti peyi sa a pap sispann etone moun
ak katastwòf ki jou an jou pi rèd. Mwen
te an espwa apre katastwòf 12 Janvye a, lemonn t ap arive wè nou trase move
wout ann Ayiti. Regretan, yo kontinye menm politik la. Angiz yo gad sa peyi a
bezwen, yo voye sòlda. Fòk wout bati,
fòk yo bati baraj, fòk moun ka patisipe lan zafè leta, lan zafè jistis. Men, Nasyon
Zini di se pa manda l sa. Manda l ann Ayiti
se kenbe lapè lan simityè a.
– Se ki wòl ONG jwe lan echwe Ayiti echwe a ?
– Apre tranblemanntè a, Ayiti tounen
yon kafou pou tout moun pase. Pou ONG
entènasyonal yo, se sa Ayiti ye, fòk
kanmèm yo pase la. M ta ka di pi mal toujou: se yon kote pou yo fòme
pwofesyonèl. Laj moun ki vin bay konkou
apre tranblemanntè a trè ba; yo debake ann Ayiti san okenn eksperyans. M ka di
n sa, Ayiti pa fèt pou amatè. Apre 12 Janvye,
gen gwo efò ki fèt pou rale moun vin lan peyi a, men nivo konesans pwofesyonèl
ki rantre lan peyi a bese. Gen yon move relasyon, yon madichon ant fòs ONG yo
ak feblès leta. Gen ONG ki egziste jis
pou yo pot malè lan peyi a.
– Se ki erè ki fèt apre tranblemann
tè a ?
–Kantite manje ki rantre ann Ayiti
pou moun san kay se yon move kou pou travayè tè lan peyi a. Ayiti se yon lakou
san gadyò pou tout etid imanitè. Sou yon plan moral, sa pa aseptab pou
konsidere Ayiti kòm yon laboratwa. Koze rebati Ayiti ak 11
milya dola y ap pandye devan peyi a se pwomès pou n fè filalang. Sanble gen yon foul moun ki vin ann Ayiti, se
pa pou ede Ayiti, se pou regle pwop zafè yo. Pou mwen, se yon wont pou suiv Ameriken, sa
dwe deranje konsyans nou. Egzanp, gad doktè Ayisyen Kiba fòme yo. Plis pase 500 etidye lan lavil Havàn. Prèske mwatye lan yo, atout yo ta dwe ann
Ayiti, jodi a se o Zetazini yo ye, se Kanada yo ye, se Lafrans yo ye. Twouve se revolisyon Kiba a k ap edike moun
pou vwazen kapitalis yo…
– Se san rete, yo dekri Ayiti kòm
yon kote apa lan lemonn, men eksperyans pa w montre pwoblèm Ayiti se pwoblèm
lemonn modèn nan menm…?
– Nou echwe malgre solidarite
entènasyonal la ki pa an mezi pou n leve defi a. Jounalis soti toupatou pou yo vin
Ayiti vin dekri dezòd. Piblik la li
menm, li pa sa tann. Pou li, pa gen pi mal sou latè pase Ayiti. Nou dwe mache lan mès peyi, nou travay tè a.
Mwen kwè gen twòp doktè lan pye kabann malad la epi pifò se lajan ase yo
konnen. Men, ann Ayiti nou bezwen antwopològ, sosyològ, istoryen, save lasyans
politik, ata save teyoloji nou bezwen. Ayiti
twò konplike pou moun ki twò prese; moun k ap bay kout men yo, twò prese. Pesòn
pap pran tan yo, ni yo pa gen anvi nonplis
pou yo eseye konprann sa mwen rele nanm Ayisyen an. Ayisyen rekonèt sa,
yo konsidere nou menm kominote entènasyonal la kòm yon manman bèf pou yo tire
lèt li. Y ap chèche avantaj pa yo lan
prezans nou e yo fè sa fen e byen. Se lajan ase Ayisyen wè lakay nou, se paske
jan nou aji a, konsa yo resevwa n.
– Ou konstate echwe nou echwe a men
ki solisyon ou ta pwopoze?
–Travay mwen ann Ayiti ap fini lan 2
mwa. Pou m rete isit, san mwen pa kite sa m wè trakase m, mwen sètoblije
kreye yon baryè lan lespri m pou sèvi m defans. Mwen te vle aji san patipri kwak òganizasyon
mwen reprezante a se yon pwa lou sou do m.
Mwen kenbe la pou okazyon pou m esplike tout dout mwen genyen e fòm te
di lemonn ase la, bouke jwe ak Ayiti. 12
Janvye fèm wè lemonn gen kapasite ekstwòdinè pou l solidè. Kwak nou pa dwe
bliye, lan premye jou yo, se Ayisyen poukont yo, ak 2 men vid ki eseye sove
moun pa yo. Lan ka dijans, kè sansib enpòtan anpil. Men pwomennen kui pa ka
sèvi kòm relasyon entènasyonal. Fò w mèt tèt ou, fò w gen endepandans ou, fòk gen
balans lan komès, se sa ki respè youn pou lòt. Etan nap panse pou n fè
ekspòtasyon, fòk nou sonje pou n pwoteje jaden tradisyonèl yo paske se nannan
peyi a. Ayiti se dènye paradi lan
Karayib la ki pa fin pèdi anba touris, gen 1700 kilomèt kòt lanmè fre lan peyi
a, fòk nou devlope yon touris kiltirèl e fòk nou evite peyi a tounen yon lòt
Eldorado pou yon bann touris. Pou twò lontan se leson initil n ap bay Ayiti.
Rebati ak kore yon sosyete rich tankou Ayiti se denye gwo pasaj ki rete pou limanite.
Sa gen 200 ane depi Ayiti pote limyè pou limanite pou l fè valè dwa moun. Li
lè, li tan pou n bay Ayiti chans li pou l reyalize vizyon l.
AltèPrès ( AlterPresse) pran
entèvyou a lan yon jounal peyi Lasuis ki rele Tan Alèkile. Se jounalis Ano Robè
ki fè entèvyou a ak Rikado Setenfis. Se
nou menm lan www.bookmanlit.com ki
tradui l an Kreyòl. Granmèsi Doktè Vilken ki fè nou okouran entèvyou a.
|