Mercredi 08 Avril 2009 Haïti en Marche • Vol XXIII • Nº 11 Ti Gout Pa Ti Gout ak Jan Mapou Page 15 Kèk liv ki parèt : 2008-2009MAKS MANIGAmaxmanigat@aol.com Literati kreyòl-la pa rete ap dòmi ; l’ap file bèldriv. Pami bon liv avèk bon plak konpak ki parèt nan lanne 2008-2009 la, men kèk mwen kwè ki merite pounou konnen. M’ ap rete sou liv Dyeri M. Jil, Rasin Foula ak Ivwoz S. Jil, Rasin Mede-a.
Mwen deja rale sou liv Josaphat-Robert Large la nan Pawòl Kreyòl. Revi Literè Sosyete Koukouy. Volim 1, Nimewo 1 – Janvye –Jen 2009. Kanta pou liv mwen an, Ti Gout pa Ti Gout m ap gentan tounen sou li agrann lijyèn, pi devan. Max G. Beauvoir [Maks G. Bovwa] : Lapriyè Ginen.Presses Nationales d’Haïti, 2008, 212p., ilistre, 19 x 11cm.Albert Camus [Albè Kami]. Tradidsyon kreyòl : GuyRégis : Etranje! Près Nasyonal d’Ayiti. 2008, 153p. 19 x12.5 cm.Pierre-Michel Chery [Pye-Michel Cheri] : BèbèGolgota. Près Nasyonal d’Ayiti. 2008, 117p. 19 x 12.5cm.Louis-Philippe Dalembert [Lwi-Filip Dalanbè]: Epi oun Jou konsa tèt Pastè Bab pati. Près Nasyonal d’Ayiti.2008, 109p. 19 x 12.5 cm.Anthony Fortunat [Antoni Fòtina] : Refleksyon. 2008,124p. 20.5 x 13.5 cm.Pauris Jean-Baptiste [Poris Jan-Batis] : Zig Lavi. Près Nasyonal d’Ayiti. 2008, 113p. 19 x 12.5 cm.Dyeri M. Jil, Rasin Foula ak Ivwoz S. Jil, Rasin Mede :Sèvis Ginen. Rasin, Rityèl, Respè lan Vodou.Bookmanlit, 2009, 401p., ilistre, 21.5 x 14 cm. Doktè Dyeri M. Jil ak madanm ni Ivwoz S. Jil deja ban nou youn liv : « Bicentennial. Haiti’s Gift tothe World. 1804-2004. » ki parèt an kreyòl tou sou tit :« Bisantnè: Zetrenn Ayiti Pou Limanite. »Jodi-a yo kente avèk : « Sèvis Ginen. Rasin,Rityèl, Respè lan Vodou. » ki parèt an angle tou soutit : « Remembrance: Roots, Rituals, and Reverence in Vodou. » Nan katriyèm paj kouvèti edisyon kreyòl-layo ekri : « Moun onore Dantan yo toupatou sou latè.Vodou ann Ayiti, se fason pa nou pou nou montre respèpou defen Ansyen fanmi n. Rityèl Vodou gen yonkaraktè apa paske tradisyon an chita sou mès mounpeyi a, ki pa menm afè ak mès moun lòt kote. Vodou seyon fason lokal pou nou montre yon bagay global. » Lontan, sèten kwayans relijye te anpeche fidèl yo li liv yo te mete « alendèks ». Sa te anpeche konesans sikile sitou lè se lide nèf ki t ap diskite. Prenga sa-a sanble li disparèt. Jounen jodi, gen kèk relijyon ki gade vye mannyè sa yo, ki konsidere vodou kankou yon kwayans ensipòtab. Sa yo pè ? Mwen te kwè selaverite ki pou louvri zye nou. Anpi : « Gade pa boule je. »Youn granmoùn dwe jije youn liv selon konsyans li. Kidonk, ou pa bezwen sèvitè lwa pou achte epi etidye nan liv Dyeri ak Ivwoz Jil la. Se anpil bagay nou pa menm konnen sou istwa pwòp peyi nou.Pou ba nou youn lide kalite richès n’ap ranmase si nou pran tan li liv la, mwen pral separe avèk nou youn repons Doktè Jil voye ban mwen sou youn kesyon mwen te poze-l.Mwen te anvi konnen enpe sou lwa Agasou Yèmen. Mwen te kontre avèk non li nan youn pawòl : «Mwen, m se Agasou Yèmen. Mwen konn mete, men mwen pa konn wete. » Mwen te kouri al tcheke nan plizyè liv sou vodou pou wè sa m ta twouve. Pa anpil !Mwen te fouye nan entènèt : menmman parèyman ! Mwen fè lide pou mande Doktè Jil. Li pou nou wè : « Agasou se yon Lwa moun Gedevi sèvi.Gedevi se non Afriken ki te abite lan Abomen pandan 16zyèm syèk la. Abomen se ansyen kapital Dawomen.Men epòk sa a, Abomen se te prèske tout Dawomen antou. Ann Ayiti nou rele moun lavil Abomen, moun nanchon Gedevi. Agasou se mo Gedevi ki vle di malkrab. Toupre lavil Abomen, gen yon rivyè ki rele Yèmen.Bò rivyè sa a gen anpil krab. Se la sèvis pou Agasou tekonn fèt. Alèkile ann Ayiti lè moun gen Lwa Agasou yo vire men yo pou fè dwèt yo parèt tankou yon krab.Se te lan yon koudeta, papa Kadya Bosou,Wegbadya pran pouvwa. Anvan sa se lan eleksyon moun Gedevi te konn chwazi gouvènman. Pou bay koudeta a jarèt, Wegbadya kouri bri li se eritye Agasou,yon Lwa moun zòn nan te respekte. Pi devan, Achade, pitit Kadya Bosou, peye hougan pou envante yon istwa ki di fanmi l se eritye Agasou ak Oligbonon, yon ansyen fi ki te gen anpil prestij lan zòn nan.Depi lè koudeta sa a (1645), pouvwa vin pase de pitit an pitit Wegbadya. Fanmi an kenbe pouvwa pandan plis pase 200 ane. Se jis an 1880 Lafrans pran pouvwa lan men yo. Lè Kadya Bosou vin monte sou pouvwa misye anvayi yon pil kote alantou Abomen,se kon sa misye vin anlaji Wayom Dawomen. Kòm fanmi an di yo se eritye Agasou, Agasou vin pote non fondatè Dawomen. Alèkile ann Ayiti, gen Sèvitè ki konn di Agasou se Lwa ki pwoteje Tradisyon Dawomen lan peyi a.Gouvènman Dawomen an te vin pote non Dinasti Agasouvi. Vi tankou lan tyovi vle di pitit. Dinasti Agasouvi vle di pouvwa ki pase de pitit an pitit Agasou. Kòm dinasti sa a te tèlman dire se kòmsi lè Agasou mete w sou pouvwa li pa janm retire w. Remake, se samenm pou Ayisyen ta di, paske Dinasti Agasouvi a pat tonbe devan n. Se jis lè Afriken sispann rantre Ayiti,gouvènman an tonbe. Ki fè la a, pwovèb la fè sans. Epitou, Wegbadya se yon gason nanchon Adya. Li pat menm moun Gedevi. Se paske gouvènmanl lan tèlman dire ki fè Ayisyen konn di Adyasou miwa.Sa vle di gason Adya yo ap toujou la. Ayisyen konn rele Agasou Yèmen, Agasou bò rivaj. Sonje Yèmen seyon rivyè Dawomen bò lavil Abomen, peyi moun Gedevi. » N’ap aprann plis toujou nan chapit III – Ginen yo, p. 79-113 ; seksyon : Kadya Bosou Anlaji Dahomen kote otè yo diskite Agasou Yèmen nan p. 101-109 Di-m si se pa youn travay wete nechèl ki pa tejanm fèt nan peyi nou an? Abobo! pou otè yo ki lage youn zouti konesans san parèy nan men nou. Josaphat-Robert Large [Jozafa-Wobè Laj] : Rete! KoteLamèsi. Près Nasyonal d’Ayiti. 2008, 121p. 19 x 12.5cm.Max Manigat [Maks Maniga] : Proverbes créoleshaïtiens du dix-neuvième siècle. Transcriptionmrderne – Traduction française – Annotations. EducaVision, Inc. 2009, 323p. 22.5 x 15 cm.Liv-la, ki an franse, karaktè espesyal ak richèskreyòl nan Nò-a.Jean-Euphèle Milcé [Jan-Efèl Milse] : Pase m yon KoutFoli. Près Nasyonal d’Ayiti. 2008, 109p. 19 x 12.5 cm.