Fèt Manman te sanse fete toupatou sou
latè kòm fèt pou plizyè ansyen fi ki te vivan lan tan lontan. Pèp Grèk te fè
sèvis pou ansyen fi sa yo lan sezon prentan. Lan peyi fredi, se plis lè sezon
prentan rive, pyebwa donnen. Lè kon sa, moun pwofite remèsye Latè kòm yon
manman ki bay lavi. Ann Ayiti, tankou
lan Ginen, sezon pa tèlman varye, moun fè sèvis pou ansyen espri fi lan diferan
dat lan ane a. Se pou sa sèvis pou Grann
Èzili, pou Grann Aloumandya, pou Grann Zinga, pou Wandyole, madan Wa Kadya
Bousou, sèvis pou ansyen fi sa yo fèt lan diferan mwa.
Lè Kretyen, moun ki fè sèvis Jezi,
anvayi diferan zòn sou Latè, yo fè moun yo anvayi yo sèvi Jezi tou. La a menm,
sèvis ki te konn fèt pou ansyen manman vin tounen sèvis pou Mari, manman Jezi,
yon moun ki mouri, sa gen 2000 ane. Fèt pou Manman Mari vin fete sou katriyèm
dimanch lan epòk Karèm. Atò, yo chwazi dimanch paske se jou sa a Italyen te
konsidere kòm jou sakre, epi Kretyen kopye sa.
Finalman an 1908, Ana Javis, pitit fi
yon pastè Ameriken lan Vijinya mande papa l pou l chante yon mès kòm sèvis pou
manman l ki te mouri an 1905. Manman Ana
Javis te eseye kòmanse yon fèt pou tout manman, kit yo vivan, kit yo deja
mouri, men sa pat pran. Li te ann espwa yon fèt kon sa tap sèvi Ameriken byen
pou yo met tèt ansanm apre lagè sivil yo a. Lan mès Ana Javis te fè papa l chante pou
manman l lan, li te bay chak moun yon flè kanasyon blan. Se kon sa, sa toujou fèt lan sèvis pou ansyen yo.
Moun ofri sa ansyen an te renmen. Manman Ana Javis te renmen flè kanasyon. Se
kalite flè sa yo li te konn plante lan jaden l. Pi ta,
flè kanasyon blan vin tounen senbòl pou ansyen manman ki mouri, epi flè
kanasyon wouj vin tounen senbòl pou manman ki vivan toujou. Kòm te gen anpil
eritye Kongo o Zetazini, se ka lan eritaj Kongo sans koulè yo soti. Lan sèvis
moun Kongo, blan se koulè ki reprezante ansyen yo kòm espri ki pwòp, ki san
tach, epi wouj se koulè ki reprezante vivan yo kòm moun ki an tranzisyon pou y
al jwenn ansyen yo.
Sou demach fanmi Ana Javis devan leta
Ameriken, Vijinya vin tounen premye kote ki fè jou fèt manman yon fèt ofisyèl. Atravè
Etazini, fèt la vin fete sou diferan dimanch. Aprè sa, an 1915, Prezidan Wilsonn, vin
rekonèt fèt manman kòm yon fèt ofisyèl pou tout Etazini, epi misye mande pou
fèt la toujou fete lan dezyèm dimanch mwad Me.
Nou menm ann Ayiti se sou dènye dimanch
mwad Me nou fete fèt manman. Jou sa a, se jou pou n remèsye manman nou, ni sa
ki la avè n yo, ni sa nou pa wè yo:
Pou
manman m
Manman
manman m
Manman
manman manman m
Remonte
jis lan Ginen
Pou
yo
Mwen
jete dlo
Bòn Fèt Manman!!!
|