Bookmanlit

literature for the bicentennial generation

Home

News Headlines

Editorials/Letters

Earthquake Memorial

Haiti Will Survive

Vigil for the Homeless

Myths in Haitian History

Song of the Month

Nanchon Ginen

Lakou Lasyans

Kouraj Man Fanm

Fèt Manman

Green Haiti

Invest in Haiti

Our Voices/Our Stories

Reviews

Bookmankids

Students

Games

Travel

Aquin

Pestel

Health

Haitian Organic Market

Links

FAQs/ About Us

Bookstore

Contact Us

 
Klike pou Konvèsasyon #1
 
Konvèsasyon ak 2 lòt Evanjelis: Si w wè n pòv se plis paske Kretyen te foure men lan pòch nou ki fè lajan n manke
 

 

Prekosyon: Sa enpòtan pou n rekonèt opinyon ki parèt la a, se pawòl ki reprezante lide editè Bookmanlit yo. Sa pa reprezante opinyon tout Sèvitè.  Konsatou, opinyon Evanjelis yo reprezante pawòl yo, men sa pa reprezante opinyon tout Evanjelis. Chak Kretyen Vivan gen opinyon pa l. Chak Sèvitè sèvi lakay li.

 

Evanjelis 1: vodou se lasòseri, se relijyon primitive; epi Kristyanite se yon relijyon evolye.

 

Bookmanlit: Se abitid malkonprann degrade Vodou rele l lasòseri.  Di lasòseri ak di Vodou se de. Lasòseri se kwayans moun divès relijyon genyen lan pouvwa mistik pou yo aji sou lòt moun. Vodou se rapò ki genyen ant yon moun ak Dantan l, ak Lwa l, ak Bondye. Se pou sa Sèvitè di, apre Dye, Ginen yo (Zansèt yo). Jan Sèvitè pratike Vodou se bagay ki chita lan orijin mo relijyon an menm. Vodou se lakòl ki soude vizib ak envizib. Se abitid anpil Evanjelis pale Vodou mal. Lè w konsidere jan kretyen te matirize zansèt Ayisyen kòm esklav, sa pa etonan jodi a, anpil kontinye pyafe sou memwa zansèt nou, rele yo dyab. Sa moun bezwen fè ilegal toutbon se entolerans ki pèmèt moun lan sèten kwayans mache touye moun ki lan lòt kwayans, osinon yo mache derespekte moun, rele yo primitive, kòmkwa kwayans kretyen, ou byen kwayans pa yo ta yon kwayans pi evolye. Adye, lan chemen jennen,  sèten kretyen gen defo prezante evolisyon kòmkwa se ta yon prensip ki lan avantaj yo. Relijyon pa ni primitiv, ni lasòseri, ni evolye. Relijyon se tou senpleman kwayans. Respekte kwayans moun pou yo ka respekte kwayans pa w. Konsa y a ekri kretyen ak K majiskil epi w a ekri vodou ak V majiskil.

 

Respè, Do Vodou laj.

 

Evanjelis 1: Nous devons tous réaliser que la sorcellerie alias vaudou n'est plus acceptable dans l’Afrique subsaharienne. Haïti a besoin de nouveau lois pour placer tous ces criminels et charlatans en prison. Ils vivent comme des parasites. Ces sociétés secrètes fonctionnent par un code de silence, tout comme la mafia, si leurs membres sont confrontés à des peines de mort ou des peines de prison à long terme, ils commenceront tous à parler. Quand un membre d’une famille devient un membre d’une société secrete de vaudou, cette personne est non seulement dangereux pour sa famille mais aussi pour sa communauté, parce qu’il/qu’elle faudra a un certain point, ‘donner quelqu'un’ aux sorciers, pour s'enrichir rapidement, ou pour obtenir ses pouvoirs illusoires. Il n'est pas inutile d'ajouter que les grandes civilisations sur notre terre n'ont pas été développé par la magie.

 

Bookmanlit: Sou zafè Vodou, bèl Franse pa lespri . Gen Kretyen, (rasin mo Kreten an Ewòp), k ap di nenpòt manti sou Vodou pou eseye bay kwayans pa yo jarèt. Epi yo ase enpètinan pou y ap vin di Vodou pa devlope okenn peyi. Fòk yon moun pa byen lan tèt pou l konprann se relijyon ki devlope peyi. Se lasyans ki devlope peyi epi lasyans se travay moun tout kwayans, e se travay moun ki pa gen okenn kwayans lan relijyon. Se lan redi anba otorite Kretyen lasyans pran pye ann Ewòp. Premye moun ki te montre latè won, Kretyen touye l. Alèkile, se redi moun toupatou ap redi pou fè sèten Kretyen asepte pwogrè lasyans fè lan jenetik ki chita sou prensip Evolisyon an. Matematik, biyoloji, sikoloji, eksetera se travay tout moun sou latè. Moun ki pa konn sa, dwe ouvè yon revi akademik epi fè rechèch sou orijin ekriven yo. Alèkile, Lachinn se peyi Boudis e li rich. Brezil se yon peyi kote moun pratike Vodou tou epi l ap Feraye. Endou yo ap pran pye tou san konte peyi rich Mozilman yo. Hondiras se yon peyi Kretyen men sa pòv tankou Ayiti. Anpil Ameriken pòv, se pa manke Kretyen ki fè yo pòv.


Ayiti pòv se vre, men se pa Vodou ki mete l la. Istwa mizè Ayiti long men Kretyen pa dwe fè wont tounen kolè. Tou kout, se pa Ayiti ki te anvayi Lafrans se Kretyen Franse ki te anvayi Ayiti. Se Kretyen Franse ki te touye 150,000 Ayisyen paske yo te vle viv lib. Se Kretyen Franse ki te touye plis pase 500,000 Ayisyen lan travay ann Ayiti pou kreye mizè pou Ayiti ak richès pou Lafrans. Se Kretyen Franse ki fè Ayiti peyi yon dèt epi rive an 1914 peman sou dèt peyi a te rive a 80% bidjè nasyonal la. Anpil Kretyen pa okipe verite konsa, paske sa pi fasil pou sèvo yo kwè richès ak mizè soti lan kwayans pase pou yo rekonèt richès ak mizè soti lan yon batay chen manje chen sou mache entènasyonal la. Se pa kwè Bondye se yon moun ki fèt lan Mwayen Oryan ki fè peyi devlope. Nanpwen okenn otorite legliz ki pral kanpe dèye yon betiz konsa. 

Kifè, si w wè n pòv se plis paske Kretyen te foure men lan pòch nou ki fè lajan n manke.

(Mwen pa vle derespekte anpil moun debyen lan divès Kwayans. Ton repons mwen an yon ti jan sevè paske anpil Kretyen renmen joure Sèvite men yo pa asepte moun joure yo).

Rèspè, Do Vodou laj

 

Evanjelis 2: Quelle absurdité!" Bèl Franse pa lespri et que dites-vous pour le corollaire: Move Franse sé lespri?

Bookmanlit: Ala de komeray, pou kite sijè a pou atake pwovèb la. Ou mande: "Bèl Franse pa lespri et que dites-vous pour le corollaire: Move Franse sé lespri?" Angiz ou ekri lèd ou ekri move. Dekiprevyen pou bèl tounen move plan fraz ou a? Sa rive lè moun pa fè diferans ant bèl pawòl ak bon pawòl. Kifè la a, sajès pwovèb la rèt la. Pwovèb la pa pawòl ayèmaten. Li granmoun ou. Rele di "Quelle absurdité!" san ou pa adrese sijè a vrèman montre tout pawòl anpil k ap di sou do Vodou sou fowòm sa a, se radiyès pèmèt.

 

Respè, malgre mank respè w

 

(Lan demen, pawòl la vin kontinye.)

Bookmanlit: Mwen pataje bon sans ki gen lan yon chante Vodou. Si w kapab, montre defo chante a. Leve defi a, epi w a montre toutbon ou konprann reyalite Vodou. San sa, ou vrèman montre se pwopagann Kretyen ap fè depi syèk pou yo ka sèl kòk chante, se sa ou konnen.

Afè gen Jezi, gen dyab, moun leve mò lan Okap, bagay konsa se kwayans ou. Se ou menm kòm Kretyen ki kwè Bondye kreye yon linivè kote dyab sikile. Lè w ap ekri de mòd pawòl konsa, konprann se ou menm kòm Kretyen k ap ranmase kont pou bon pawòl. Sa pa etonan. Se abitid anpil Kretyen ranmase kont anba bouch moun Mwayen Oryan pou verite. Pa egzanp, anpil Kretyen kwè Jonas te pase twa jou lan vant yon pwason. Lè moun kwè pawòl konsa nanpwen okenn kont yo pap ranmase. Sou zafè zonbi a, fòk yon moun pa byen lan tèt pou l pa rekonèt, istwa zonbi se istwa peyi a prezante sou fòm lejann. Sa pa etone n, se youn lan kote moun te travay kòm esklav ki gen yon kont sou esklavaj. Kanta prezan, ret sou sijè a. Èske ou konprann bon sans chante a? Osinon, montre defo l.

Mèsi

 

Evanjelis 1: Ce discours ne tient absolument pas la route. On confond les papistes deguises en chretiens des vrais chretiens bibliques auxquels les memes papistes interdisaient la lecture de la bible. Il s'agit d'une confusion historique et d'un stratageme de la papaute qui a bien reussi. Les romanistes n'ont rien de chretien sinon le decorum qu'ils presentent au public. Il ne faut pas confondre romanisme papal et christianisme biblique. Ce ne sont pas des chretiens qui debarquerent a Hispaniola. Ce fut des mercenaires envoyes par le Jesuite las Casas. La papaute des Borgias n'a rien de chretien. C'est cette confusion qui enivre l'humanite tout entiere et amene les hommes a mepriser le christianisme veritable. Il faut un veritable effort intellectuel pour echapper a cette seduction de la papaute qui mystifie meme les esprits les plus avertis.

 

Bookmanlit: Ak tout respè m pou bon moun lan tout relijyon, ou menm, ou reponn sa ou vle. Ou pa reponn kòmantè mwen fè. Ankò, gen bon moun, gen move moun lan tout relijyon. Men dapre wou, tout Kretyen se bon moun. Kòmkwa prizon lan peyi Kretyen pa chaje ak move Kretyen ak Labib anba tèt yo? Pou wou, krim Kretyen fè pa gen anyen arevwa ak Kristiyanite, men krim moun lòt kwayans fè se kwayans yo menm ki move ki fè sa. George Washington ki te matirize moun kòm esklav pat Kretyen. Al di Ameriken sa. Trujillo pat` Kretyen, al di Dominiken sa. Kristòf Kolon pat Kretyen, al detere l anndan Katedral kote yo te antere l la. Se sa menm pou ta anvi di pou lave figi kwayans ou. Kriminèl Kretyen pa Kretyen. Volè Kretyen pa Kretyen. Ata moun ki rele tèt yo Kretyen pa Kretyen. Pou moun konn kiyès ki Kretyen se wou pou yo mande. Se mantè k ap pale Sèvitè mal ki konn kiyès ki Kretyen. Se moun ki deklare Juif se pitit Dyab ki Kretyen ( Sen Jan chapit 8 vèsè 42-44). Se moun ki kwè betiz tankou "Si w moun vin preche w kwayans ki pa fè pati de eritaj zanzèt ou, fòk men w se premye men ki touye l (Pawòl Labib)." Si w vle referans lan, mande. Se moun ki kwè apre ou vin anvayi yon peyi, ou gen dwa vyole fi yo (Pawòl Labib). Si ou vle referans lan, mande. Se moun ki kwè fi pa gen dwa pale lan Legliz ki Kretyen (Pawòl Labib). Si w vle referans lan, mande. Menm jan ak Koran nan, liv moun anpile kòm Labib di anpil pawòl. Li di bon pawòl. Li di move pawòl. Se konsyans moun ki pèmèt yo al lan Labib triye sa ki bon pami yon pil koze moun ekri. Pa vin rele Labib, kòmkwa liv sa a pat sèvi pou move Kretyen jistifye tout vye zak yo. Ou rantre lan yon relijyon ou pa konnen epi w ap fè jako repèt ladann.

Si w ap reponn sa mwen di, reponn sa m di. Pa vin lage pwopagann ou kòm repons pou pawòl mwen. Lan youn lan repons ou voye ban mwen yo, ou atake tout ansyen relijyon Ewopeyen yo ak yon mo sal. Ou rele yo "payen" san ou pa menm remake relijyon sa yo konte anpil lan kreye relijyon kretyen an. Si w vle konn ki jan, mande. Gade, konn sa w ap di tande.

 

Evanjelis 1: Kibo eksplikasyon sa yo men nen? Toupatou la mize apkraze malere. Pa gen ijyen, pa gen dlo, pa gen limye, pa gen bibliotek. vokabile sa se bluff li ye. Demon manipile neg jan li vle. Lew konpran ou konen, se le sa ou pran nan twa wa, ou vire won tankou bourik ou pa gen anyen nan men w.

 

( Evanjelis 1 tonbe lan joure moun bourik. Pou respè Bookmanlit genyen pou jan bèt sa ede moun ann Ayiti, nou pap desrespekte bourik. Bourik se traktè moun andeyò.  M kite konvèsasyon an, pou m pa tonbe lan derespekte bourik. )


Bookmanlit
P.O. Box 290464
Davie, Florida 33329-0464

E-mail: info@bookmanlit.com