Bookmanlit

literature for the bicentennial generation

Home

News Headlines

Editorials/Letters

Earthquake Memorial

Haiti Will Survive

Vigil for the Homeless

Myths in Haitian History

Song of the Month

Nanchon Ginen

Lakou Lasyans

Kouraj Man Fanm

Fèt Manman

Green Haiti

Invest in Haiti

Our Voices/Our Stories

Reviews

Bookmankids

Students

Games

Travel

Aquin

Pestel

Health

Haitian Organic Market

Links

FAQs/ About Us

Bookstore

Contact Us

 
Kolera ann Ayiti
 

Yon dyare mikwòb kolera tonbe sou 2000 moun lan Latibonit. Sanble gen plis pase 100 lane depi mikwòb sa a pa egziste ann Ayiti. Pou jenerasyon pa nou an, kolera se te maladi etranje.  Lasyans okouran 7 pandemi kolera kote maladi a te gaye lan plizyè diferan kote sou latè.  Dènye pandemi a frape Lazi an 1961. Li frape Lafrik an 1970, epi an 1991, maladi a pran pye lan peyi Pewou. Apre sa, maladi a gaye lan tout Lamerik la san l pa rive Ayiti ak lan rès Karayib la.  Ant 1991 ak 1993, dyare kolera tonbe sou yon milyon moun lan Lamerik-di-Sid. Anvan moun lan Lamerik-di-Sid vin konprann ki jan pou yo trete maladi a, youn sou chak twa moun ki atrap maladi a mouri.  Annaprè, se sèlman 1% ki mouri. Alèkile, doktè konnen pou yo sove moun ki gen dyare kolera, fòk yo agresif lan bay moun bon valè dlo pou ranplase dlo yo pèdi lan dyare a.

Pi souvan moun atrap kolera lan bwè dlo oubyen lan manje manje ki gen kras matyè fekal ladan n. Kolera abite lan anbouchi larivyè paske se la dlo sale lanmè a brase ak dlo dous. Kolera ka viv lan dlo dous ki plis pase 20 degre santigrad depi dlo a gen yon ti sèl ladan n.  Se plis pandan ete ak pandan otòn moun atrap kolera.  Lè yon moun fin vale mikwòb la, sa pran 24 a 48 èd tan pou moun nan malad. Kou mikwòb la tonbe lan vant moun nan, asid lan vant li touye kolera a. Men si moun nan te vale bon valè, enpe chape pou rantre lan trip moun nan. Kounye a atò, kolera fè sèl ak dlo lan kò moun nan anpile lan trip li. Apre sa, dlo a devide lan gwo pans moun nan. Gwo pans lan vin pa ka sipòte tout dlo a, epi moun nan lage dlo a deyò kòm dyare.  

Dyare kolera se yon dyare debòde. Lan premye 24èd tan an,  pou chak kilogram pwa yon moun, moun nan ka pase  yon ka lit dyare. Kifè la a,  dyare kolera ka fè yon moun plen plizyè bokit dyare lan yon sèl jou.  Ak yon dyare konsa, lan detwa zèd tan, moun nan megri, kò l vin sèch, po l fè pli. Kou moun nan pèdi plis pase 10% pwa kò l, kè l bat fò, je l fè fon lan tèt li, tansyon l bese, li pèdi konesans, li tonbe lan koma kote sa difisil pou moun remake si l vivan toujou, jiskaske li mouri toutbon.  Pou yon moun chape anba dyare kolera, fòk moun nan prese ranplase tout dlo kò l pèdi lan dyare a. Malad la gen dwa bwè dlo osinon li gen dwa pran sewòm.

Anvan dega lan Latibonit lan, setyèm pandemi kolera a potko frape Karayib la. Kounye a, lasyans bezwen etidye si se yon nouvo kalite kolera ki tonbe sou moun Latibonit, osinon si se menm kalite kolera ki abitye fè dega lan lòt peyi. Kòm kolera pat yon maladi Ayisyen te leve jwenn, granmoun Ayisyen pa gen okenn pwoteksyon lan san yo kont maladi a.  Se tout moun peyi a, granmoun kou timoun, ki siseptib atrap kolera. Men, moun ki gen gwoup san O pi fasil gen dyare kolera pase moun ki gen lòt kalite gwoup san.   

Chape anba maladi kolera mande rekonèt bonè lè maladi a sou wou.  Kolera bay dyare dlo lolo san dyare a pa gen san ladan n. Kolera pa bay lafyèv.  Se pa fasil pou l bay vomisman nonplis.  Òganizasyon Lasante Mondyal fè konprime pou moun met lan dlo pwòp pou yo bwè lè yo gen dyare kolera. Konprime sa yo gen sèl, ak sik, ak lòt eleman pou ranplase bikabonat ak potasyòm kò moun pèdi lè yo gen dyare a. Si toutfwa yon moun pa gen konprime sa yo, ebyen moun nan gen dwa met demi ti kiyè sèl, ak 6 ti kiyè sik lan 5 gode dlo pwòp. Pou byen mezire sik la, fòk sik la pa monte pi wo pase arebò kiyè a. Se dlo sale sikre sa a pou moun bwè pou ranplase dlo kò yo pèdi lan dyare a. Si moun pa gen sèl ak sik, yo mèt bwè dlo san yo pa ajoute anyen ladan n. Pandan moun ap bwè dlo sale sikre kòm pi bon tretman, yo gen dwa kontinye manje manje nòmal. Ti moun lan tete mèt kontinye alete. Ni lèt manman an, ni manje nòmal, tou de ede ranplase lòt eleman nan kò malad la ki pèdi lan dyare a. Kwak yon moun ka sèvi ak antibiyotik tankou doxycycline, tetracycline, azithromycin, erythromycin, ciprofloxacin, pou  diminye dire tan maladi a fè sou yo, manman tretman an se bwè dlo agogo ak yon ti kal sèl ak sik ladan n.

Kòm evite miyò pase mande padon, evite kolera bon lontan pase trete l.  Pou evite atrap kolera, se sèlman ak dlo pwòp moun dwe sèvi pou tout bezwen yo. Mikwòb kolera pa tolere dife. Dlo bouyi touye kolera. Kuit manje jis manje a byen kuit. Veso ak ajantri ki te sèvi pou asizonnen manje dwe lave anvan moun desèvi manje kuit lan menm  veso ak ajantri sa yo. Men sal pa manyen figi. Lave men w ak dlo pwòp ak savon anvan ou manyen bouch ou. Fòk moun gen latrin oubyen watè modèn pou y al okabinen. Pifò moun atrap dyare kolera lè yo manje oubyen lè yo bwè dlo ki gen kras matyè fekal. Se sitou apre inondasyon ak apre anpil lapli tonbe, moun pi soufri maladi dyare kolera.  

Menm jan ak moun lòt kote ki arive bat ak epidemi kolera, Ayisyen ka chape anba kolera si yo ranplase dlo yo pèdi lè yo gen dyare a, e si yo pran prekosyon pou maladi a pa tonbe sou yo. Sant Kontwòl Enfeksyon o Zetazini met sa klè: << Nanpwen pi bon fason pou moun evite dyare dlo lolo pase bwè dlo pwòp ki gen klorin ladan n. Sere dlo kote ki pwòp. Mete matyè fekal yon kote apa. Lave men ak savon apre ou fin pran swen yon moun malad. Lave men apre w sot lan watè. Lave men apre ou fin prepare manje. Lave men anvan w sèvi manje. Lave men anvan w manje>>.

 

Tretman kolera:

½  ti kiyè sèl

6 ti kiyè sik

5 gode dlo pwòp

(Ou gen dwa bouyi dlo a men kite l frèt anvan ou met sèl ak sik ladan n. Bwè ase pou ranplase sa w pèdi).

 

Vokabilè:

Andemi: Maladi ki toujou la kote se prèske menm kantite moun ki toujou atrap maladi a

Bakteri: Yon kalite mikwòb ki konn bay moun maladi

Epidemi: Maladi ki gaye lan yon zòn kote jou an jou, plis moun lan zòn nan vin atrap maladi a

Matyè fekal: Poupou. Kaka. Tata.

Mikwòb: Ti bèt ki tèlman piti moun pa ka wè yo san yo pa sèvi ak gwo loup mikwoskop

Pandemi: Maladi ki gaye toupatou sou latè, kote jou an jou, plis moun atrap maladi

 

References:

CDC: Acute watery diarrhea and cholera: Haiti pre-decision brief for public health action. March 2, 2010

World Health Organization website essays on cholera, visited on 10/22/2010

Griffith and Colleages: Review of reported cholera outbreaks worldwide, 1995-2005. Am Jour Trop Med Hyg 75 (5) 2006, pp 973-977

Harrison’s Internal Medicine 14th Edition

 

Pibliye 25 Oktòb, 2010

 


Bookmanlit
P.O. Box 290464
Davie, Florida 33329-0464

E-mail: info@bookmanlit.com