Bookmanlit

literature for the bicentennial generation

Home

News Headlines

Editorials/Letters

Earthquake Memorial

Haiti Will Survive

Vigil for the Homeless

Myths in Haitian History

Song of the Month

Nanchon Ginen

Lakou Lasyans

Kouraj Man Fanm

Fèt Manman

Green Haiti

Invest in Haiti

Our Voices/Our Stories

Reviews

Bookmankids

Students

Games

Travel

Aquin

Pestel

Health

Haitian Organic Market

Links

FAQs/ About Us

Bookstore

Contact Us

Pawòl Gason Lagè: Jan Franswa, apre Bwa Kayiman

 (Click here ro read the English translation )

Mawon Jan Franswa ekri kolon Blanchlann apre reyinyon Seremoni Bwa Kayiman lan mwa Dawou 1791. Blanchlann se kolon ki te gwo kòmandan an chèf teritwa a. Lèt sa a enpòtan paske sanble lèt la soti anba men yon moun ki te prezan lan reyinyon ki monte plan pou kraze komès moun kòm esklav la. Kòm Pèp Ginen ann Ayiti te toujou an rebelyon kont esklavaj, gouvènman Franse a vin abitye ak tripotay sou rebelyon. Abitid se vis, gouvènman an vin santi rebelyon pa traka. Kounye a atò, lè kolon yo voye mande Blanchann konkou pou bare moun ki te vle met lòd moral Okap, Blanchlann meprize yo. Pou li, kòm tèt kolon yo te cho, se ba yo tan pou yo poze. Twouve se kolon Okap yo ki lan ka, se yo k rele. Lan rele mande konkou tribòbabò, kolon yo voye kopi lèt la bay gwo kòmandan ki te an chèf Jamayik la. Kolon yo fè konnen annatandan konkou Jamayik yo deja desann drapo Lafrans lan Okap epi yo monte drapo Angletè. Jan Rali Bèd jwenn kopi lèt la lan achiv Angletè epi li mete l lan liv li Biyografi ak Otobiyografi Tousen Louvèti e se misye ankò ki esplike sikontans alantou lèt la. Nou menm lan www.bookmanlit.com, nou tradui lèt Jan Franswa a an Kreyòl lan liv Bisantnè: Zetrenn Ayiti Pou Limanite. Nou fè sa dekwa pou n montre jan Ewo Ayisyen yo, Danti lakay nou yo,  te mennen yon batay men ak tèt pou esklavaj kaba.
 
 Lèt Jan Franswa

Peyi sa a, nou wouze ak swè nou, pou byen di, ak san nou, èske nou benefisye sa? Nou pare pou nenpòt bagay. Se pa kolon nou vle fè mechanste, sa w di?  Blan kolon, kwak souvan, yo k papa n, yo mechan.  Yo se mons ki pa merite jui travay nou. E pou wou jeneral, nou dwe akoupi dousman, pèmèt chen anraje devore n? 
 
Non, li twò ta pou sa. Ogou ki batay pou inosan, p ap jan m abandone n. Nou rele viktwa ou lanmò.  Pou montre w, nou pa kriyèl jan w kwè a. Nou di w ak tout kè, nou vle lapè, men ak kondisyon: Tout blan san eksepsyon lan plenn kou lan mòn, kite Okap. Yo mèt pran  lò ak bijou, jan yo vle. Pou nou se libète k presye. Se sa k kwayans nou.
 
Nou pa manke plon ak kanno. Kòm sè di, libète ou lanmò. Nou mande Bondye libète san san pa koule. Lavi ta nòmal.  Sa ta ret la.  Kwè n, sa fè n mal nou setoblije pran chemen libète ou lanmò.
                                                 
Translated from the English version by www.bookmanlit.com

                                                                                                          
            
 
  


































 
Bookmanlit
P.O. Box 290464
Davie, Florida 33329-0464

E-mail: info@bookmanlit.com