Lan Gran Chemen M te ye Tout moun pase Ap ri mwen Lan Gran Chemen M te ye Kolobri, Lapli tonbe Mwen pa mouye… (Dapre Azò) *Woukoukou, Woukoukou, Woukoukou
Sou chemen lavi ak lanmò Mwen kanpe Moun pase Yo pa konprann Sou chemen lavi ak lanmò Mwen kanpe Tankou yon zwazo Move tan pase Sa pa deranje m… (Yon Entèpretasyon) *Woukoukou, Woukoukou, Woukoukou
Atout lavi Azò te kout, misye reyalize anpil.Apre 46 rekòt kafe, Azò janbe dlo.Misye te yon kokenn-chenn anbasadè Mizik Tradisyonèl Ayisyen. Se toupatou sou latè misye te mache fè moun tande mizik Eritaj Ginen an. Met sou sa, li pibliye 7 sidi sou non Rasin Mapou De Azò. San nou pa bezwen di plis, non gwoup lan sèlman di kont. Azò te simen lajwa lan festival, lan kanaval, ata sou radyo lan stereyo kay moun Azò te fè san nou mache. An verite, depi misye jwe, tanbou frape, ou mèt kokobe fòk ou fè yon jan, ou danse.Se te don Azò sa. Gwoup la rele Rasin pou l ka mete verite a klè.Mès nou, lang nou, kwayans nou, mizik nou, tout chita lan rasin nou. Rasin sa a, se yon eritaj Ansyen yo kite.Pifò Ansyen yo soti sou kòt Lwès Lafrik la epi Azò te alèz ak sa. Non Azò li chwazi a, se non yon zile tou pre Lafrik. Pou fyète l, Azò pat manke fè moun konnen li te yon Eritye Ginen. Non Ginen an se ansyen non kòt Lwès Lafrik la. Pou Azò fè moun santi eritaj li, misye te konn abiye ak yon Agbada,yon kalite abiman moun lan zòn Rada lan Ginen te konn mete. Zòn Rada a se pati nòsou laplas Ginen.Azò pase pran zòn sid la tou. Se pou sa lan festival, se plis ak tanbou Kongo li jwe. Kongo se te non pati sid zòn Ginen an. Azò te pentire tanbou li yo an wouj e jòn.Koulè yo soti lan jan moun Kongo te konn pentire desen kafou, yon senbòl ki montre koneksyon ant vivan ak mò. Tankou moun Kongo, Ayisyen konn desinen yon wonn alantou senbòl kafou a epi yo rele wonn nan Gran Chemen.
Chante sou Gran Chemen Azò chante a, se yon chante ki montre kijan nou an sekirite lè nou sou pwoteksyon Ansyen yo. Se pou sa, lan chante a, malgre menas, malgre malkonprann pase n lan betiz, Azò kanpe jyanm ap chante eritaj li lan tout kafou tribòbabò. Chante a sèvi ak zwazo kolobri pou l montre pwoteksyon Fran Ginen jwenn lan Gran Chemen.Menm jan lan lapli, plim zwazo kenbe po zwazo sèk se kon sa tou nou dwe santi n byen gaya lè nou alèz lan po n. Lè n alèz kon sa, nou ka kanpe ak tout fyète n kòm yon branch lan lafanmi limanite. Lan chante a, Azò site non Gede, mèt Gran Chemen, paske misye se te yon Ansyen Ansyen sitwayen Pèp Gedevi Dawomen. Azò se te yon Fran Ginen ki pat manke pa koube chapo l pou l montre respè pou granmoun Ansyen yo, sitou pou sa ki te Ansyen, Ansyen granmoun depi lan Ginen.Se pou sa menm Azò te konn chante l ap sèvi Fran Ginen, li pa lan de chemen. Azò te rele gwoup li a Mapou paske pyebwa sa a se pi gwo pyebwa ki pouse lan Karayib la. Vreman vre, pyebwa a alawotè pou l reprezante grandè Eritaj Ginen an. Epitou, pye mapou te fè Ansyen Ayisyen yo sonje gwo gwo pyebwa Loko lan Ginen. Poutèt sa, Ayisyen di mapou se repozwa Loko.Azò byen chwazi non Mapou a paske mizik li yo se yon kalite repozwa yo ye pou Eritaj Ginen an. Azò kite n. Misye pran devan sou Gran Chemen, men menm jan nou pa bliye lòt Ansyen gran ewo yo, nou pap sa bliye Azò. Pou jan misye te byen chante mizik Vodou yo, nou gen Azò larekonesans.Nou konnen Azò devan, men nou la, nou deyè sou Gran Chemen. Kondoleyans pou fanmi Azò ak pou Rasin Mapou de Azò.
*Woukoukou, Woukoukou, Woukoukou *( Wou ak koukou se mo Gedevi Dawomen. Wou vle di rèl epi koukou vle di lanmò. Woukoukou vle di rèl lanmò. Lan vèy ak lan antèman tradisyonèl, Ayisyen di woukoukou anpil).
Respè, Ivwoz Jil ak Dyeri Jil Bookmanlit 19 Jiyè, 2011