Lejann di Ayiti te Okipe Dominikani: Manti
Atout Ayiti pat janm okipe Dominikani, liv lekòl, sou tou de bò zile a, kontinye ap rakonte koze sou Ayiti kòm kolonizatè. De ki prevyen? Annou revize istwa zile a pou n wè kote lejann sa a soti.
· An 1492, Kolon Panyòl Espay debake sou zile a. Pita, y arive pran kontwòl tè a lan men Tayino yo. Annapre, yo enpòte pèp Ginen an pou vin travay la kòm esklav.
· An 1697, lan Trete Riswik, Panyòl Espay dakò pou Lafrans kontwole yon tyè zile a. Apre sa, pandan 100 lane, Lafrans fè bò pa l la tounen yon labatwa kote yo enpòte apeprè yon milyon Afriken. Yo touye pifò lan fè yo travay kòm esklav pou anrichi Lafrans.
· An 1791, moun ki te kont esklavaj met ansanm epi yo deklannche yon Revolisyon.
· An 1795, lan Trete Labasèl, Panyòl Espay remèt pati yo te kontwole a bay Lafrans. La a menm, tout zile Ayiti a vin pou Lafrans. Anpil panyòl ki pat kontan sa, y anbake, y al abite lòt kote.
· An 1801, kòm chèf Revolisyon an, Tousen Louvèti dirije tout zile a nèt.
· An 1804, Jan Jak Desalin deklare endepandans zile a nèt. Se pou sa lan konstitisyon gouvènman Desalin ekri a, se tout zile a ki peyi d Ayiti.
Apre endepandans atò, peyi ki tap vann moun kòm esklav yo, yo tout met ansanm pou yo eseye kofre Ayiti. Ameriken mete yon anbago. Lafrans mande Ayiti 150 milyon fran ki ta egal 21 milya dola lan lajan jodi a. Tout kòb sa a se te pou dedomaje Fransè ki tap fè gwo kòb lan komès moun kòm esklav la. Chay sou do Ayiti, pete dezinyon anndan peyi a. Petyon pran kontwòl sid la. Kristòf pran kontwòl nò a. Sou bò lès la menm, gwo propriyetè tè yo mande Panyòl Lespay pou vin pran kontwòl peyi a. Kwak sa pa mache, yo kontinye manniganse. An 1821, gwo pwopriyetè yo mande pou pati ki pale Panyòl ann Ayiti a pwofite rantre kòm yon pati lan peyi Gran Kolonbi Simon Boliva t ap òganize a. Pou anpeche peyi a fann an de, Bwaye met lame a kanpe lan pati lès la tou. Sa vin bay Bwaye kontwòl kat kwen peyi a. Se kon sa Bwaye te arive konsève inyon an. Pou Bwaye te ka pi byen kontwole Panyòl lan pati lès la ki te vle tounen ak esklavaj, misye envite Ameriken Nwa vin peple zòn nan. Se kon sa yon pil eritye Ginen sot o Zetazini pou y al abite Samana lan pati lès peyi a.
Sèt Me 1842, yon kokennchenn tranblemanntè frape Ayiti, epi sa febli gouvènman Bwaye a. Mank kontwòl gouvènman vin gen sou peyi a pèmèt gwoup rebèl lan pati lès la pran fòs jis yo arive deklare endepandans an 1844. Epòk sa a, Ameriken pat pran kan, ni pou Ayiti, ni pou rebèl yo. Kifè, an 1849, Etazini voye Bejamen Grinn lan yon misyon espesyal pou l al pale ni ak gouvènman Ayiti a, ni ak nouvo gouvènman Dominiken an. Li mande yo pou yo pa kite moun lan zòn nan fè Angletè vin pran kontwòl Samana. Pou Ameriken, Ayiti te sètoblije patisipe lan koze a paske alepòk konstitisyon peyi a te di se tout zile a nèt ki Ayiti. Rive sou okipasyon Ameriken (1915-1934), Etazini vin klè sou endepandans Dominikani, epi yo pa rekonèt dwa Ayiti te reklame sou pati lès la. Detan Etazini te sou pouvwa ann Ayiti, yo òganize yon antant ant Dominikani ak Ayiti an 1929. Antant sa a delimite fontyè ki sèvi ant de peyi yo. Se kon sa konstitisyon Ayiti yo vin pa rekonèt tout zile a kòm Ayiti ankò.
An 1930, diktatè Twouhiyo monte sou pouvwa an Dominikani, epi misye fè tout sa l kapab pou fè de peyi yo konprann se de diferan kan yo ye. Li kòmanse yon kanpay netwayaj san, kote li eseye bay Dominiken yon nouvo idantite. Verite pat pou li. Li mande istoryen pou yo ekri san yo pa bezwen montre Dominiken se eritye Afrik Ginen tou. Kont vin pran plas istwa. Se kon sa lekòl vin ap di Dominiken se eritye Ewopeyen ak eritye Tayino yo ye sèlman. Pou Twouhiyo blanchi popilasyon an, li ouvè pòt pou plis Ewopeyen vin abite Dominikani. Ewopeyen ki tap soufri anba diktatè Franko ann Espay, anba Mousolini ann Itali, anba Itlè ann Almay, anpil Ewopeyen sa yo debake Dominikani. Kanta pou moun ki te gen po fonse menm, misye touye omwen 15 mil kon sa, epi li deklare se Ayisyen, se pa Dominiken yo ye.
Gouvènman Twouhiyo a bati wout ki pou konekte ti bouk pwovens yo ak gran vil Dominikani ki pale panyòl. Yo chanje non ti bouk yo dekwa pou non yo te ka an Panyòl. Yo fè distribisyon radyo ak jounal Panyòl gratis. Se te pou moun bò fontye a te ka aprann pale Panyòl. Epòk sa a, lan zòn fontyè a te gen yon sèl lekòl epi yo bati apeprè 250 lekòl gratis kote se sèlman Panyòl ki pale, Kreyòl pa ladann. Yo kraze kay ki te fèt soukonn kay Ayisyen ak kay Afriken epi yo ranplase yo ak kay ki bati soukonn kay Panyòl bò Mediterane an. Yo bati legliz epi yo voye misyonè pou fè kanpay rejèt dekwa pou moun yo pa sèvi jan eritye Ginen sèvi. Depi yo te rekonèt yon bagay kòm tradisyon Afriken, oswa kòm tradisyon Ayisyen lakay Dominiken, yo atake sa.
Kwak Twouhiyo touye plizyè moun pou l fè Dominiken konprann yo pa gen menm rasin ak Ayisyen, pou jis kounye, pifò Dominiken gen san Ayisyen, san Afriken, ansanm ak san Ewopeyen lakay yo. Youn lan rezon ki fè sa, se paske apre endepandans an 1804, moun te vwayaje libelibè jan yo vle toupatou sou zile a. Vin jwenn te deja gen plis moun sou bò lwès la (popilasyon 350,000) pase sou bò lès la (popilayson 70,000), vin gen plis moun ki sot lan lwès pou y al abite lan lès. Tèlman moun lan bò lwès la vide sou bò lès la, alèkile, popilasyon Dominikani menm avèk popilasyon Ayiti. Tou de gen 9 milyon moun. Pou lontan tou de peyi yo te sou menm plan ekonomik. Youn pat pi rich pase lòt. Se jis an 1960, Dominikani kòmanse pran pye sou Ayiti epi moun la vin pi alèz. Jodi a, alemye ki gen Dominikani an kreye tansyon ant de peyi yo poutèt Ayisyen ki vle al la pou chèche lavi, pandan Dominiken vle kenbe nouvo richès yo a pou yo menm sèl.
Kounye a atò, annou pase men lan je n pou nou konstate Ayiti pat janm okipe Dominikani. Ayiti te gen gwo peyi kolon yo pou l veye. Kifè, al anvayi lòt pèp se pat okipasyon l sa. Ayiti bat kont kolonizasyon. Ayiti pat gen defo kolon pou l pran pòz chen l al fè lòt peyi lachas. Annou klè, Ayiti pa janm anvayi Dominikani. Avrèdi, lè Ayiti te pran endepandans an 1804, pat gen okenn kote ki te rele Repiblik Dominiken. Rive jis an 1843, pat gen okenn kote ki te rele kon sa toujou. Lejann ki di Ayiti te okipe Dominikani an se kont Dominiken rakonte pou yo ka fè Ayisyen parèt kòm etranje. Kont lan tire tou pou fè Ayiti parèt kòm yon belijeran ki abitye menase vwazen l. Kon sa, lame Dominiken an ka egzije plis kòb lan bidjè nasyonal yo a. Ann Ayiti, lejann nan pran tou paske sa ede bay Ayiti glwa kòm peyi ki te gen gran siksè militè. Lejann nan pran sou tout zile a paske sa ede kache yon verite anmè: fòs politik kontre ak dezas natirèl fè levennman ki fann peyi a an de.
Referans:
Baur, John E., Faustin Soulouque, Emperor of Haiti: His Character and His Reign, Academy of American Franciscan History © 1949.
Derby Lauren. Haitians, Magic, and Money: Raza and Society in the Haitian-Dominican Borderlands, 1900 to 1937. Comparative Studies in Society and History. Vol. 36, No. 3 (Jul. 1994) pp. 488-526. Cambridge University Press.
Lipski, John M., A New Perspective on Afro-Dominican Spanish: The Haitian Contribution. Department of Spanish and Portuguese. University of New Mexico.
Woolls, Daniel, Mystery: Who’s Buried in Columbus’ Tombs? The Herald, (Miami) Oct 2, 2004
|